Selon Minis zafè etranje peyi Bahamas la wayne Munroe, peyi li pare pou voye twoup pou ede Ayiti si toutfwa Nasyon Zini ak CARICOM swete sa. Li rann enfòmasyon sa piblik madi 18 oktòb 2022 a.

Munroe fè konnen entèvansyon militè a an Ayiti ap vrèman nan enterè Bahamas. Pandan li presize Royal Bahamas defence force, fè yon gwo travay nan fè patwouy sou dlo tèritoryal la pou kontrekare migra Ayisyen yo k ap tante vwayaje ilegal pou rantre Bahamas pa lanmè.

Pou Minis zafè etranje Bahamas la, ONU kapab envite peyi li pou ta rejwenn yon fòs miltinasyonal entèvansyon rapid la k ap vin lite kont ensekirite ak gang yo Ayiti paske yo pròch Ayiti e plis relasyon yo genyen ansanm.

Konsèy sekirite Nasyon Zini an te reyini lendi 17 oktòb 2022 a. Deja genyen 2 pwopozisyon ki fèt: 1) Entèdi gang yo vwayaje epi pran mezi ekonomik kont yo ak tout moun k ap sipòte yo. 2) Voye yon fòs militè pou kreye koulwa imanitè. E reyinyon sila te fini san pat genyen vòt ki fèt sou li paske peyi a yo pat rive atann yo sou koze fòs militè a.