Nan yon entèvyou jounal ameriken Miami Herald reyalize ak 2 manb enfliyan administrasyon joe Biden nan, yo fè konnen gouvènman Ameriken an ap koupe viza epi pran lòt gwo sanksyon kont tout moun ki ta nan tete lang ak gang yo Ayiti, k ap teworize popilasyon an. Se Jacqueline Charles ak yon lòt kolaboratè li Michael Wilner ki ekri atik sila, ki pibliye mèkredi 12 oktòb 2022 a nan kolòn jounal la.

2 responsab enfliyan administrasyon Tonton Sam nan deklare: deja genyen yon bon kantite bato gadkòt Ameriken tou kole ak lanmè Ayiti a, nan sousi pou montre volonte Etazini genyen pou ede Ayiti. Responsab sila yo pa t vle pale de koze si se twoup Ameriken yo deplwaye yo. Sela sa yo reponn, li twò bonè pou pale de koze sila.

PIBLISITE PEYE

Yo kontinye pou fè konnen ap genyen èd sekiritè ak imanitè k ap rive jwenn Ayiti pa twò lontan. Tankou dlo trete, kit pou konbat kolera, sewòm oral elatriye. Yo kontinye pale pou di yo poko konnen kòman èd yo pral rive sikile pou distribisyon an nan lari Pòtoprens kapital Ayit,i kote ki chaje gang ak lòt moun k ap manifeste ki egzije demisyon Premye Minis Ariel Henry, kote gaz la genyen plis pase yon mwa li pa distribiye.

Poze kesyon sou gang yo k ap teworize popilasyon an, 2 responsab yo fè konnen Administrasyon Joe Biden nan ap pran gwo sanksyon ak koupe viza tout moun ki nan danse kole ak gang yo an Ayiti ak tout lòt ki ta anpeche èd imanitè a etou ki ki mete an danje sekirite pèp Ayisyen an. Pandan tan sa, Etazini ap prepare yon rezolisyon bay konsèy sekirite Nasyon Zini (ONU) an pou kreye yon estrikti entènasyonal pou sanksyone tout moun ki nan aktivite ki lye ak gang Ayiti. Yo genyen bon jan enfòmasyon kote Ayiti genyen moun ki nan sektè prive ak politik ki mare sosis yo ak gang.

PIBLISITE PEYE

N ap siyale gouvènman Ayisyen an te adrese yon lèt nan dat 6 oktòb pase a pou mande Nasyon Zini pou voye yon fòs lame etranje rantre nan peyi pou bay bourad ak gang yo ki bloke gaz etou k ap teworize popilasyon an.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....