Nan yon lèt 11 paj sekretè jeneral ONU an, Antonio Guterress adrese dimanch 9 oktòb 2022 a sou dosye Ayiti a, li fè plizyè pwopozisyon ak konsèy sekirite ONU an, selon sa Dujarric deklare nan jounal Ameriken Miami Herald nan dimanch sa. Guterres pwofite pwopoze fòm twoup ki ta dwe vini entèvni nan peyi Ayiti a.

Nan lèt sila M. Guterres voye nan konsèy sekirite a, li bay plizyè opsyon sekirite pou Ayiti. Li egzòte kominote entènasyonal la ak peyi manb òganizasyon an pou yo egzamine byen rapid demand gouvènman Ayisyen an pou deplwaye yon fòs ame espesyalize pou ede yo konbat gang, distribiye gaz, dlo, manje bay popilasyon an. Guterres fè konnen gouvènman Ayisyen an pa pou yon retou kas ble yo nan peyi a. Nan sans sa li pwopoze konsèy sekirite a pou yo gade opsyon yon fòs entèvansyon rapid pou yon ti bout tan pou yo ka ede polis nasyonal Ayiti a ( PNH) pou pran kontwòl sitiyasyon an pou yo ka fè fas kare ak gang yo. Konsèy sekirite a ap genyen pou yo chita sou dosye Ayiti a 21 oktòb k ap vini la, kote yo pral chita sou solisyon ameriken yo te vini pou yo sanksyone chèf gang yo ak tout moun k ap sipòte yo a.

Selon lèt Guterres la, yon fòs lame entèvansyon rapid konpoze de yon peyi ou group militè plizyè peyi diferan, kapab debake rapid Ayiti pou ede polis Nasyonal la fè fas ak menas plizyè group gang, ki gen kontwòl wout yo ak anpil zòn nan peyi a espesyalman nan kapital la. Pou ede fòs lòd yo kapab sikile lib pou distribisyon gaz, manje, medikaman. Pou distribiye nan diferan katye ak nan etablisman swen sante pou sèvi popilasyon an.

Yon fòs kap pote pou polis nasyonal la bon jan sipò, ki pou mennen bon jan operasyon ki enpòtan pou pèmèt popilasyon an jwenn bon jan sekirite. Selon sekretè jeneral la. Yon popilasyon ki gen ladanl anviron 11.5 milyon moun, Ayiti konte apèn 13mil polisye ki aktif, e sèlman 1/3 pami yo ki operasyonèl. Plizyè zòn tankou Matisan, Site Solèy anba kontròl group gang yo pa dispoze pou kite pòs polis yo deja okipe yo. Guterres deklare ke ONU sipoze voye yon asistans espesyal pou ede sispann ak katouch kap tire e jwenn yon aranjman ak fòs etranjè a.

Vini fòs etranje yo an Ayiti kapab retade ofiramezi ke PNH la repran kontwòl sitiyasyon wout ke gang yo bloke epi etabli sekirite. Sekretè jeneral Guterres kontinye pou l di, anpil lòt mwayen kapab itilize pou ranfòse soutyen y ap pote bay Lapolis, ONU te ka fè vini yon gwoup polisye nan entènasyonal la pou ede polis ayisyen an travay ansanm epi fè ekip pou fè operasyon kont gang ame ki an Ayiti yo, men PNH ap toujou sèl epi premye fòs pou mennen operasyon polisyè ak anti gang. Gwoup travay entènasyonal la ap ekzamine pèsonèl nan PNH la ki resevwa fòmasyon taktik yo, bay konsèy sou fason yo dwe pratike epi gen kontwòl sou zam ak minisyon ki la pou batay kont gang yo, sa ap ede PNH la gen konfyans popilasyon an.

Yon gwoup travay ki ta ka konpoze : ak yon konsèy polis, yon ti gwoup nan Eta manb yo ki gen ekspètiz nan operasyon anti-gang epi Polis akse sou kominote, se sa Gouterres deklare. Manb ti gwoup travay sa ka pa enplike nan opereasyon premye liy yo, manb ONU yo ka pa bezwen etabli yon fòs spesyal pou soutni ankò ant PNH avèk gang yo ak yon fòs de frap ki ap opere nan tout peyi a. Pou opsyon sa reyisi sekretè jeneral fè konnen fòs spesyal sa ap nesesite yon soutyen politik ak sosyal pou li ka pab deplwaye ak yon akò ki siyen ant gouvènman ak opozisyon nan chemin politik pou Ayiti. Fòs spesyal sa ap gen la dan yon inite polis byen ekipe founi pa yon gwoup nan Leta. Youn nan yo ap sèvi kòm chèf de fil ak direksyon komandman pou operasyon. Se sa lèt la di. Respè se ak fòs dwa lòm e anpil lòt kesyon kapab kontwole Bureau des intégré des Nations Unies en Haïti.

Nan atik sila Jacqueline Charles ekri pou miami Herald la, li raple samdi 8 oktòb 2022 a, gouvèman Joe Biden te rekonèt demand èd gouvèman Ariel Henry a, e li anvizaje gade sa ak lòt peyi zanmi yo ki pi bon fason ke yo ka itilize pou bay èd sila. Pandan tan sa Etazini mande tout pèsonèl ameriken yo k ap travay nan anbasd la Ayiti pou yo rantre lakay yo Etazini ak fanmi yo e yo dekouraje lòt ameriken rantre Ayiti.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....