Konsèy Nasyonal Sosyete Sivil Ayisyèn (CNSCA) ak Federasyon Nasyonal òganizasyon k ap Defann Dwa Moun yo (FENODDH) se de (2) òganizasyon ki te rann yo nan Prizon sivil pwovizwa Gonayiv la jounen samedi 8 Oktòb 2022 a. Se te yon okazyon pou pote asistans yo an dlo pòtab bay prizonye yo ki nan gwo nesesite pou jwenn dlo pou brè nan prizon an.

Responsab Fòmasyon konsèy Nasyonal Sosyete Sivil Ayisyèn nan (CNSCA) pwofesè Lefort Cily kise tou Direktè Pwogram fòmasyon nan Federasyon Nasyonal òganizasyon k ap Defann Dwa Moun yo (FENODDG) fè konnen objektif vizit sila sitou se pou yo ka pote asistans yo bay prizonye yo k ap viv nan yon kondisyon difisil nan prizon sa a. Pwofesè a Fè konnen yo pote plizyè dizèn sachè dlo pou pèmet aske prizonye yo kapab pase swaf yo paske kriz k ap taye banda nan peyi koz yo fè fas ak gwo pwoblèm lamanjay epi dlo pou brè. Yon lòt kote, Me. Lefort remèsye epi felisite gwo jefò li di otorite gonayivyèn yo ap fè pou sipòte prizonye yo, men selon limenm, ki pa sifi parapò a kantite prizonye ki fèmen nan selil prizon an. Pou fini, Lefort deklare yo souvan vizite prizon an nan mannyè pou fè swivi ak dosye yon kantite sitwayen k ap koupi nan prizon ki pa janm rive pase devan jij natirèl yo.

Sou bò pa l, Brésiacre Lubien kise kòdonatè Nasyonal Federasyon òganizasyon k ap Defann Dwa Moun yo (FENODDH) fè konnen se aprè plizyè vizit yo nan Prizon sivil pwovizwa Gonayiv la ki fè yo rive dekouvri eta kritik prizonye yo ap viv la ki pèmet yo deside pote dlo kòm youn nan bezwen ki pi ijan anndan an. Kòdonatè Lubien deklare se pa dènye vizit yo nan prizon sila kòm òganizasyon k ap defann dwa moun genyen . Li ajoute yo pral chita ak tout òganizasyon ki kwafe FENODDH yo yon fason pou yo kapab kontinye pote èd yo nan divès nivo tankou sante , imanitè ak lajistis pandan l fè konnen tou, yo pral antame yon demach bò kote komisè gouvènman Gonayiv la pou yo kapab wè koman plizyè Asiz te kapab fèt pou debarase prizon an ak plizyè moun k ap koupi depi 3 a 4 lane ki pa janm pase devan jij yo.

N ap siyale, nan mwa septanm pase a, yon prizonye ki rele Brunel George te mouri nan selil prizon sivil pwovizwa Gonayiv la akoz dlo ak manje li pat jwenn. Yon ensidan kite soulve gwo kolè kay plizyè prizonye ak responsab òganizasyon k ap defann dwa moun yo nan depatman Latibonit la espesyalman nan site endepandans lan.

Israël CEDIEU, Gonayiv, Centre à la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841