Repiblik Dominikèn mande vandredi sa a pou Gouvènman Ayiti a klè sou èd li mande kominote entènasyonal la, pou l fè fas ak vyolans epi sitiyasyon kritik peyi a ap travèse nan tout domèn, ki vinn plis agrave pa reaparisyon kolera a.

Nan diskou li te fè devan Asanble Jeneral Òganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) ki te fèt nan Lima kapital peyi Perou, Minis Afè Etranjè Dominiken an, Roberto Álvarez, te di kominote entènasyonal la ap tann yon mesaj klè, koyeran, sansib ak alè nan men otorite ayisyèn yo sou sa ki pi plis apwopriye pou sipòte Polis Nasyonal la pou l kapab retabli lapè ak sekirite.

Se konsa, minis zafè etranjè a te fè alizyon ak dènye mesaj li te bay nasyon an kote Premye Minis Ayiti a, Ariel Henry, te mande «kominote entènasyonal la, tout peyi zanmitay» pou yo konbat sa li te dekri kòm yon «kriz imanitè» nan yon peyi ki make pa pi grav kondisyon sosyopolitik, ekonomik ak sante, vyolans ak kolera.

Devan chèf delegasyon manm OEA yo, Álvarez mete aksan sou nesesite pou abandone mesaj konfizyon, piske kriz la an Ayiti merite pi gwo atansyon ak angajman Leta Amerik yo, e li mande yon siyal klè e definitif nan men otorite ayisyèn yo.

PIBLISITE PEYE

“Anbigwite sa a nan pozisyon ofisyèl Ayiti a fè kolizyon ak reyalite a ki klè pou nou yo nan Repiblik Dominikèn, pwiske vyolans, grangou ak mank pwovizyon esansyèl an Ayiti. Se konsa Gouvènman nou an santi presyon pou sipòte aspè lojistik elemantè nan operasyon an. Lopital, endistri, konpayi telekominikasyon yo ak lòt sèvis de baz yo, » daprè sa li te ajoute.

Nan sans sa a, li fè konnen li pa ka di sitiyasyon an anba kontwòl jan kèk manm Gouvènman Ayisyen an te fè remake, lè yon gang kriminèl lakòz tout yon peyi san gaz, nan bloke sòti kamyon yo ak gaz kap soti nan tèminal Vare a .

Mank gaz sa a, Álvarez te ensiste, » sou aksè a dlo potab ki enposib, difikite pou transpòte pasyan yo nan sant sante, ki pou anpeche maladi kontajye, aksè ak medikaman, distribye manje paske peyi ap soufri ak ijans sante piblik.

PIBLISITE PEYE

Nan diskou li, Álvarez fè referans tou sou kandidati Repiblik Dominikèn nan Konsèy Dwa Moun Nasyonzini pou peryòd 2024-2026.

Nan sans sa a, li mete aksan sou angajman peyi a «ak miltilateralis pou yon pi gwo prezans òganizasyon entènasyonal yo kapab ranfòse e kontinye aji nan defans dwa moun.»

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar