Gouvènman ayisyen yo toujou ap chèche ou mande ranfò swa li nasyonal ou entènasyonal. Nan lannuit 6 pou leve 7 Oktòb 2022 a Dr. Ariel HENRY nan tèt kole ak gouvènmanl lan voye mande ranfò a kominote entènasyonal la pou vin mete ola ak kriz kap brase peyi a. Èske nan sa peyi a ye la yon ranfò militè sèlman ap sifi pou retirel ladan? Yon ranfò pou konbyen tan? E pou ki solisyon? Pou jan peyi sa malad nan tout kòl: lavi chè, chomaj, moun kap mouri toupatou, ensekirite ki anpeche moun sikile ak antrepriz fonksyone lib e liben, edikasyon atè plat, sann pa bliye dezòd jeneralize kap taye banda nan zafè politik peyi a. Fòk ranfò sa ta fò anpil.

Premye chèf primati a pa premye dirijan ayisyen ki mande konkou letranje pou vin rezoud problèm kap brase bil sosyete a. Te gen plizyè lòt chèf ki te mande ranfò. Menl te toujou klè ranfò pat janm konn vin regle zafè pèp. Se pou nèg fè plis tan ap souse, se pou yon ti group jui Leta a e se pou kominote entènasyonal la tou vin piye richès peyi a. Byen ke nap souliye, gen prezidan ki rete fò nan ranfize ranfò. Nap pale de Oreste Zamor ki te prefere pran chimen legzil pou li olyel t aksepte èd militè ameriken pou konbat Davilmar Théodore ki te leve kont li ak ranfò Cacos yo.

Nap souliye chèf isi konn benefisye de fòm: nasyonal e entènasyonal.

Ranfò nasyonal
Nan zafè gouvènans isi a chak fwa pouvwa chèf yo menase; yo toujou rele ranfò swa pou kenbe yo sou pouvwa; swa pou mete yo sou pouvwa: sa te koumanse ak prezidan Sylvain Salnave nan lane 1869 ki tal reveye Piquets yo pou te vin konbat soulèvman boujwa yo pou kenbel sou pouvwa a. Nan lane 1911 Cincinnatus Leconte te rele Cacos yo kòm ranfò poul te pran pouvwa a nan men Antoine Simon.

Ranfò entènasyonal
Depi aprè endepandans kominote entènasyonal la te toujou ap fè premye repiblik nwa a zye dou ak ranfò; mwend aksan pou yo met siwo. Sa te pran tan se vre men rèv la te konkretize kan menm jou ki te 28 jiyè nan lane 1915 blan merike te vin maspinen, toupizi ayisyen epi koumanse bote richès nou te gen nan tè a sou pretèks yo vin poten ranfò. Ranfò sa te koute peyi a fò anpil pandan 19 lane lokipasyon.

An 1994 sa pat rete la; Ayiti kòm repiblik restavèk te lonje kuil bay Kolon yo ankò pou te vin pote ankò ranfò ak MINUAH. Se te menm bagay la nan lane 2006 lè gouvènman ki tap prezide sou lòd René Gracia Préval te mande ONU pou voye blan MINUSTHAH vin mache sou sòl Dessalines lan nan menm lojik vin ede’ soti nan kriz.

Antouka, kèlkeswa fòm ranfò a, nenpòt moun ki vini avèl la e pou nenpòt rezon an li pa janm pote fyète nasyonal se pito doulè nasyonal ak konsekans vyolasyon dwa moun.

Réginal LOUIS, Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841