Sòti 1915 pou rive 2022, sa fè 107 lane depi divès konpatriyòt te batay kont lokipasyon blan je vèt, lè twoup Ameriken yo te debake an Ayiti. Selon vizyon patriyòt sa yo, se yon gwo desepsyon pou etranje pile sòl zansèt yo, kote yo te boukante san yo pou li. Tout sakrifis sa yo pa anpeche aprè 107 lane depi zak asasinay te fèt sou jèn sòlda Joseph Pierre SULLY. Gouvènman san pwovizyon legal la ki gen nan tèt li Dr. Ariel Henry te chita nan yon konsèy Minis nan dat 6 oktòb 2022 a, pou bay Premye Minis defakto a pouvwa pou chache sipò efikas nan men patnè entènasyonal Ayiti yo, atravè yon deplwaman imedyat yon fòs lame espesyalize, ak yon kantite ase, pou epapiye sou tout teritwa Jan Jak Desalin nan, nan lide pou jere kriz imanitè a ki nan tout peyi a, ak ensekirite k ap layite, kote se nèg ak zam k ap dirije divès kwen nan peyi a, tankou Kwadèboukè, rantre Sid kapital la, rantre Nò kapital la poun site sa yo sèlma.

PIBLISITE PEYE

Se nèg ak zam k ap dirije anba je responsab lapolis ak lame, zak kriminèl yo ap miltipliye, swit ak sa otorite sa yo ki gen yon pouvwa san bout pran desizyon pou retounen ak okipasyon blan je vèt sou 27.500 kilomèt kare a. Selon sa divès Ayisyen ki li nan li nan lèt fen fè kwè, se lakay blan sa yo zam ak minisyon soti pou touye pitit malere ak malerèz nan katye popilè yo.

Nan yon emisyon sou radyo Scoop fm nan dat 3 dawout 2021, premye minis la ki gen yon pouvwa san limit deklare: «mwen ka revoke, mwen ka ranplase e tou mwen menm gen pou m deklare la gè» sa vle di li plen pouvwa. Ou pa menm bezwen linèt pou ta wè pouvwa chèf sila pa diferan de Louis XIV. Lè w ap obsève kantite lajan li mete sou gaz la, malgre tout mouvman pwotestasyon pèp la, li pa menm tande rèl li, kòm repons, se lame etranje li pral lage pou maspinen popilasyon an.

PIBLISITE PEYE

Èske pouvwa san limit sa a pa chaje ak tèt san kò ou byen sèvo vid ?

Tout kou kase a, se mas defavorize a ki pa manje pwa malgre sa, tout dispozisyon pran pou li bay lapire, pèp la pa bwè kleren, men se li ki pral sou, popilasyon an pa maje mayi ak zaboka ki manke mi, se li ki pral balonnen.

Mesyedam yo mande pou lame etranje mete yon klima sekirite byen vit, pou yo konbat kolera yon fason efikas, ankouraje rekòmanse distribisyon gaz ak dlo potab atravè peyi a, pou rann lopital yo fonksyonèl, rekòmanse aktivite ekonomik yo pou moun ka sikile ak machandiz ak reouvèti lekòl yo nan peyi a. Si pa gen lame etranje, èske sa yo pap ka fèt minis ?

Mete kanpe yon komisyon entèministeryèl ki responsab pou pwodwi byen rapid yon dokiman ki defini tout aksyon esansyèl yo dwe antreprann, pou kapab rann inisyativ ki pral pran yo dirab, si pa gen lame ki foule sòl la, èske p ap ka gen sa yo minis ?

Malgre tout gwo tole koze sa ap fè nan laprès ak nan lari a, se a gwo sezisman lè pòt pawòl ONU nan peyi Ayiti ki se madam Beatrice Nigobora deklare deklare vandredi 7 oktòb 2022 a, òganizasyon l ap pote pawòl pou li a poko janm resevwa demand sila, se yon koze li tande menm jan tout moun tande li a, selon yon twit jounalis Lunie Joseph poste sou paj li.

Koze sa a kontinye mete dout nan tèt popilasyon an sou desizyon gouvèneman wa Henry II a ap kontinye pran nan non pèp Ayisyen an, k ap pran pataswèl nan men moun po wouj depi 1492 jouk jounen jodi a, malgre yo t ap dirije nou ankatimimi men kounye yo pral parèt klè.

N ap note, anpil manm nan popilasyon an toujou klewonnen toupatou, ensekirite pèp Ayisyen an ap sibi a, moun sa yo pa inosan ladan, paske tout konntenè zam ki vin touye pitit malere yo se lakay yo y ap soti. Pou yo, si yon pouvwa panse se moun sa yo ki pral retire Ayiti nan kras li ye yo, se tèt li lap twonpe, li t ap pi saj si Ayisyen te mete tèt yo ansanm pou rezoud pwoblèm peyi a, menm jan premye minis Ariel te di nan emisyon 3 dawout 2021 sou radyo scoop fm, pwoblem peyi se nan akò ki pou mennen nou nan eleksyon, blan p ap ka rezoud pwoblèm nou, paske li se yon vrè nasyonalis, sa pa anpeche nan 14 mwa pita, PM san bout la kontredi deklarasyon li te fè a pou mande yon fòs lame etranje anvayi peyi a.

Sak pi tris nan istwa sila a, menm minis defans lan, Dr Enold Joseph siyen pou lame blan je vèt rantre nan peyi a. Selon tout rechèch ki a la dispozisyon jounal la, tout moun ki nan tèt lame yon peyi se toujou moun ki gen lanmou pou drapo peyi li, èske nan ka sa a nou ka di nou pran nasyonalis bò katedral oubyen yon nasyonal tèt anba ? Èske lapolis nasyonal peyi Ayiti (PNH) anbriyon lame dayiti (FAD’H) pral santi li konfòtab ak yon fòs etranje sou sòl nasyonal la ? Èske pouvwa polisye yo pa redwi konsiderableman parapò ak fòs etranje a ?

San dout, wa Henry II la pou lè Jezi kri tounen sou latè, si non, pou konbyen tan li la ? Kòm li te pran pouvwa 20 Jiyè 2021 konbyen ane li rete ?

Anpil sitwayen otantik ki anvi konnen pa sispann mande : jis kilè manda Premye Minis defakto a Dr. Ariel Henry ap rive nan bout li ? Yon repons ki poko janm gen repons.

JOSEPH Cenes, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841