Aprè yon konsèy minis ki te fèt nan sware 6 oktòb 2022 a, gouvènman premye minis defakto a Ariel Henry, mete yo dakò pou mande ak kominote entènasyonal la, yon asistans militè, daprè sa Jounal Ameriken an Miami Herald fè konnen.

Demand sila sipoze fa
fòmèlman rive jwen alye peyi Ayiti yo, vandredi 7 oktòd 2022 a, daprè sa divès sous ki pwòch pouvwa ki konn dezisyon sila fè konnen. Yon lòt kote Gouvènman premye minis defakto a pa presize de fason espesifik kote asistans militè sila dwe sòti. Sepandan gouvènman an fè konnen èd sila nesesè pou pèmet distribisyon gaz la fèt, sitou nan yon moman kote yon epidemi mòtel ki se kolera ap refè sifas.

PIBLISITE PEYE

Pandan ke gouvènman an te nan konsèy minis t ap diskite pou fè demand sila, nan plizyè rejyon nan peyi a gen yon enfòmasyon ki te fè konnen ke Pm Ariel Henry demisyonne, sa ki ta pral lakoz anpil anpil moun pran lari espesyalman nan komin petyon-vil pou selebre depa chèf gouvènman an. Men biwo kominikasyon primati  te reyaji byen vit sou rezo sosyal yo notamman sou Facebook pou demanti fòmèlman enfòsyon sila. 

PIBLISITE PEYE

Wòl Nasyonzini nan demand sila

Demand sila fèt aprè yon jounen kote Nasyonzini ak patenè imanitè yo, mande neg ak zam yo yon trèv imanitè pou distribisyon gaz la ka fèt.
Pandan menm jounen sila sekretè jeneral òganizasyon Eta ameriken yo (OEA) 《 Louis Almagro, k ap asiste asanble jeneral k ap fèt semèn sa nan Lima kapital Pérou, pibliye sou kont Twitter li : 《 Ayiti mande yon soutyen ijan nan men kominote entènasyonal la》.

Sekretè jeneral la deklare ke li te patisipe nan yon reyinyon konsènan Ayiti ak Sekretè Eta ameriken an Anthony Blinken, minis zafè etranjè kanada, Mélanie Joly, epi minis zafè etranjè Ayisyen an Jean Victor Généus  ala vèy 52zyèm asanble OEA.
Sekretè jeneral Eta ameriken an Anthony Blinken fè konnen :《 soutyen kominote entènasyonal la enpòtan pou yon avni stab, demokratik pou Ayiti.

Nan twazyèm adrès alanasyon depi ke mobilizasyon yo komanse entansifye kont gouvènman defakto a, Ariel Henry mande nan sware 5 oktòb 2022 a, sipò kominote entènasyonal la pou afwonte kriz imanitè san parèy ke peyi Desalin nan ap fè fas.

《 Mwen mande èd akonpayman ak sekou》 Nou bezwen tout tip sipò pou evite yon masak imanitè pandan epidemi kolera tounen an, sa ki gentan lakoz plizyè moun kontamine epi pèdi lavi yo. Espesyalman nan kapital potoprens. Sa se te deklarasyon premye Minis Ariel Henry nan adrès ak nasyon an.

Nou bezwen ke kominote entènasyonal la ede nou fè distribisyon gaz la, pou aktivite yo ka reprann nan peyi an.

Yon lòt kote premye minis Ariel Henry pa sispann endekse bandi ki asosye ak politisyen plis biznisman kowonpi, pou plonje peyi a nan mizè. Sepandan Premye Minis lan pa anonse ankenn dispozisyon ki pran pou arete moun sila yo ki dèyè tout latwoublay sa yo k ap sakaje peyi a depi plizyè semèn. Tandiske aktivite yo rete paralize, lekol fèmen epi divès resous ak pwodui  premye nesesite kòmanse vinn difisil espesyalman dlo potab.
Opinyon piblik pa sispann repwoche chèf gouvènman ke yo estime ki gen yon bilan katastwòfik depi aprè yo finn nome l nan tet peyi an, sa gen anviwon 15 mwa.

PIBLISITE PEYE

Si yon fòs militè entènasyonal deplwaye nan peyi Ayiti ak pouvwa ilejitim sa a, li pa pral sèlman goumen ak gang yo men li pral goumen tou ak pèp Ayisyen an ki nan lari a k ap mande pou kondisyon lavi li chanje. Se konsa ansyen anvwaye espesyal Etazini an Ayiti Daniel Foote te reyaji sou kont tweetee li vandredi 07 oktòb 2022 a aprè nouvèl pou mande èd militè a.

Dezespere fas ak sitiyasyon sosyo ekonomik difisil la, divès kominote nan plizyè zòn nan peyi a egzije pou yo bese pri gaz la, epi egzije tou demisyon gouvènman defakto a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841