Yon jou tankou jodi a Jedi 6 Oktòb 2022
Nou a 279è jou, 40è senmèn e 10è mwa nan ane a. Rete 86 jou anvan fen ane 2022 a.

Kisa ki te rive yon 6 Oktòb
177: Nesans Louis-Phillipe 1e wa fransè yo

1740: Henry VI wa peyi Angletè soti nan prizon (la Tour de Londres)

1567: Marguerite de Parme di non a rejans Peyi ba yo an Ewop e Albe ranplasel

1683: Premye imigran alman yo an Amerik al enstale Philadelphie/ Pennsylvanie

1848: Peyi Otrich déklare peyi Ongri lagè

1915: Lachanm peyi Dayiti sanksyone akò pwotektora ameriken an

1937: Sosyete Nasyon yo (SDN) kondane agresyon japonèz nan peyi Lachin

1943: Prezidan ayisyen Elie Lescot vizite vil Otawa peyi Kanada aprè pasaj li nan peyi meriken

1943: Charles de Gaule debake sou zile Corse epi resevwa yon akèy tou dousman

1979: Pap Jean Paul II vini premye Pap ki pile mezon blanch

1981: Prezidan egipsyen Anouar el-Sadate mouri ansasine epi vis prezidan Hisni Moubarak ranplasel 14 Oktòb

1991: Joseph Nerette nome prezidan Dayiti pou yon ti bout tan

1993: Michaël Jordan anonse lap met fen nan karyè baskèt li

2003: Akhmad Kadyrov soti venkè nan eleksyon pou pòs prezidan nan peyi Tchétchénie

2008: Luc Montagnier, Françoise Barré-Sinoussi e Harald zur Hausen resevwa pri Nobel medsin lan pou travay dekouvèt viris SIDA ak viris kòl iteris

2009: Deklarasyon amandman konstitisyon 1987 peyi Dayiti a pibliye nan jounal ofisyèl peyi a

Provèb jounen an di: Sak nan vant kabrit se li ki pal

Réginal LOUIS, Centre à la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841