Responsab kominikasyon nan PNH nan depatman latibonit mete yon nòt deyò lendi 19 sektanm 2022 a pou enfòme popilasyon an jeneral divès travay lapolis nan komin Senmak mennen nan semèn ki sot pase a .
Yo rive mete anba kòd 25 moun ki ta enplike nan zak dechoukay nan divès biwo leta ak biznis prive , pandan dewoulman manifestasyon yo.

PIBLISITE PEYE

Nan sousi pou fè faskare ak zak piyaj sa yo, Responsab Jiridiksyon Senmak la, Komisè Mathias Jean David, pran gwo dispozisyon pou pèmèt lavi reprnn nan vil la, nan lide pou kontinye pwoteje vi ak byen popilasyon an selon sa yo fè konnen nan nòt la.

Se te okazyon tou pou Mathias Jean David kise komisè prensipal jiridiksyon sila prezante bilan entèvansyon Lapolis fè nan vil Senmak epi divès ensidan ki pwodwi kote gen yon (1) moun mouri, yon (1) polisye ak plizyè lòt sivil blese.

Komisè Mathias Jean David prezante divès materyèl ki rekipere ak mizanplas kap fèt pou rekipere plizyè lòt materyèl manm nan popilasyon an pran nan biwo leta ak prive yo.

Pou kounya, 25 manifestan sa yo ki ta konvèti tèt yo an dechoukè sa yo plase nan gadavi nan Komisarya Senmak la pou reponn kesyon lajistis.

Joseph cenes centre à la une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841