UN Secretary-General Antonio Guterres gestures while speaking during the opening of the 2022 UN Ocean Conference in Lisbon, Portugal, June 27, 2022. REUTERS/Pedro Nunes - RC2C0V98Z0LF

Sekretè Jeneral Nasyonzini an, António Guterres, rekòmande yon pwogram sipò entènasyonal pou fòmasyon ak ekipe Polis Nasyonal Dayiti a pou li vin yon fòs ki ka mete lòd nan yon peyi ki kontwole pa gang. Li fè deklarasyon sila samdi 17 sektanm 2022 a nan yon interview li te akòde ak France-24.

PIBLISITE PEYE

Li kontinye pou l di ke li te fè plizyè reyinyon ak Konsèy Sekirite a e li konvenki ke li se absoliman nesesè ke yo re-entwodwi sekirite a nan peyi a .

«Pwopozisyon mwen te mete sou tab la se ke nou reyèlman bezwen yon pwogram sipò entènasyonal pou fòmasyon ak ekipe lapolis, men nan pèspektiv sa a nou pral bezwen gen yon fòs solid, ki kapab mete yon fen nan aksyon gang,»Daprè sekretè jeneral Nasyonizi an.

Li konsidere ke ann Ayiti dwe genyen yon fòs ki ka vrèman mete lòd nan peyi a ke gang kontwole .

«Mwen panse ke nou bezwen genyen an Ayiti, nan tranzisyon sa a fòmasyon epi ekipe yon fòs polis ki, nan moman sa a, ki efikas, reyèlman ki kapab mete lòd nan yon vil ak yon peyi konplètman se gang kap dirije l,»

Li ajoute: «Sa yo pa mouvman politik, se gang malerezman ki enfiltre pa moun ki lye ak pouvwa ekonomik ak pouvwa politik.»

Guterres te fè remak sa yo nan yon entèvyou eksklizif ak RFI ak France 24 (nan peyi franse) lavèy Asanble Jeneral Nasyonzini ane sa a.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar