Depi sou prezidans Michel Joseph MARTELLY, Jovenel MOISE pèp ayisyen gen yon kesyon kap dominel kise; èske otorite pa fèt pou tande? Moun tout kote, tout kategori ap poze tèt yo kesyon sa. Alòs, preyokipasyon sa vini se sitou suit aprè ansanm desizyon an seri de ansyen chèf leta sa yo te konn ap pran e malgre vwa te konn leve pou di non pa ale nan sans sa yo, men yo pat janm konn tande. O kontrè se te toujou adelante, tèt dwat, le président a parlé point bar… Sou prezidans MARTELLY a chak fwa anons kanaval fèt se te toujou gwo bouch pa gou paske anpil moun te konn estime moman yo pat janm apwopriye pou sa. Poutan otorite nan epòk sa te toujou mete plon nan zorèy yo tèlman yo pat konn tande.

Nap raple an jiyè 2018, defen prezidan MOISE te anonse desizyon ogmantasyon pri gaz la gouvènmanl lan pral pran. Yon desizyon ki ta pral leve anpil plim sou do e depi aprè anons lan anpil vwa nan sosyete a ta pral konseye chèf leta a retounen sou desizyon sa; se te vwa ki te gen anpil tit dèyè yo, moun save kou novis tap opine.

Ebyen, lokatè pale nasyonal nan pa epòk sa pat koute pèsòn (promesse due promesse tenue). Desizyon an te kenbe e menm rantre an aplikasyon e se sa menm ki ta pral kreye premye soulèvman popilè kont ekip an plas la; tout aktivite te kanpe, sèn piyaj ak dechoukay te frape anpil antrepriz nan peyi a.

Èske Konpòtman sa ap vin yon eritaj pou dirijan Ayisyen?
Nap òbsève yon tèt dwat eritye pa aktyèl premye minis lan Ariel HENRY; kote gouvènman lap dirije a pran desizyon pou monte pri gaz la depi plizyè sèmèn e suit ak anons desizyon sila flanbo mobilizasyon gen tan limen nan prèske tout depatman peyi a; nan anpil enstisyon ak antrepriz non sèlman pa fonksyone men yo sibi atak, piye e dechouke pa moun kap manifeste.

Doktè a toujou poko tande e li menm di moun sa se pa pou pri gaz yon manje gèp panyòl la. Kounye se tou pa anpil sektè nan vi nasyonal ki koumanse ap mande pou lokatè primati a tande rezon: nap pale de kèk vodouyizan ki mande pou dirijan yo tande kri pèp la.

Gen asosiyasyon famasyen ki envite gouvènman a rewè yon parèy desizyon. Antouka, jiskaprezan ni youn ni lòt sanble poko tande anyen nan sa kap di nan radyo, nan lari e poko wè manifestan k ap mete dife nan antrepriz nan pòtoprens kou nan vil provens yo. Se toujou nadmarinad, se radòtdèdòt kap di e fè.

Nap fini poun di; Èske depiw otorite ou pa dwe tande? Oubyen èske tande se yon siy feblès pou otorite?

Réginal LOUIS Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841