Plizyè santèn milye moun pran lari nan Pòtoprens Okap, Gonayiv nan peyi Ayiti pou manifeste kont gouvènman Ariel Henry a, mèkredi 28 septanm 2022. Nan Gonayiv, Wilford Ferdinand alyas (Ti wil) youn nan lidè Fwon Rezistan, yon gwoup rebèl ki te kontribye nan voye ansyen Prezidan Aristide nan ekzil an 2004 te nan mouvman an. Nan vil Okap Ayisyen, Léa makèt sibi zak piyaj.

Aprè seremoni vodou ke yo gen abitid fè avan yo pran lari pou mande espri yo (lwa yo) akonpaye yo pou ba yo proteksyon. Ebyen,
protestatè yo ki te plizyè santèn milye pakouri divès ri nan vil Okap, depatman Nò, Potoprens depatman lwès ak vil Gonayiv depatman Latibonit.

Pou vil Okap Ayisyen, sou lidèchip lidè Pati politik pitit Dessaline nan Moïse Jean Charles yon foul moun an kolè lanse anpil pawòl piman bouk kont gouvènman Ariel Henry a, ke yo pwofite mande kite pouvwa a prese prese.

Moïse Jean Charles bò kote pal pa sispann endekse kominote entènasyonal la li di kap tete lang ak politisyen tchoul Ayiti kap kontinye devlope estrateji pou fini ak peyi a nèt, men yo menm nan Pati politik pitit Dessalines y ap kontinye batay kont tout manèv sila yo.

Yon lot kote nan Gonayiv ansyen chèf rebèl Wilford Ferdinand alyas (Ti wil) deklare nan okazyon manifestasyon sila, ke y ap bloke Militèman gran nò a, kòmanse pa depatman Latibonit si Pm Ariel Henry pa kite pouvwa a, e se pousa jiskaprezan yo fè manifestasyon an pasifik men si Ariel Henry pa vle koute larezon ak revandikasyon yo pasifikman ebyen yap pase nan taktik militè a.

N ap raple ke Minis zafè etranje peyi Ayiti a Jean Victor Généus deklare devan konsèy sekirite ONU lendi pase a ke gouvèman Ariel Henry a genyen kontwòl peyi a globalman.

Sadrax ULYSSE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841