De: Pèp ayisyen
A: LETA
Objè: Remèsiman
Peyi Dayiti, 28 Septanm 2022.

Chè LETA, Pèp ayisyen koubel byen ba poul felisitew pou bon travay w ap fè nan peyi a; sou plan politik, ekonomik ak sosyal.

Anplis, se a kè louvri, dlo nan bouch epi anpil sansiblite n ap temwanye santiman gratitid nou pou ou LETA pou tout saw fè pou nou ak èd entènasyonal la epi bòn volonte politisyen ki gen vizyon nan peyi isi. Alòs, mouche LETA, sèvis ou yo pa gen pri; pou janw pran swen vant nou ak pye poul, zèl kòdennn, e tout kalite sosis. Nou pa ka rete ap kadew nan je sann pa di diw mèsi ekselans LETA pou chwa jidisye ou fè nan ranmase 1$ 50 kouraj sèn ak frèn yo ap fè nan pa fèmen pòpye ak rimatis nan zo. Fòk nou leve vwan poun diw mèsi yo pa pou granmesi pou jan ou gen bon gou ak kalte bèl vwati sa yo n ap woule ak bèl sirèn sa yo se prèv nou se fanm ak gason ki pa pote kanson nou pou bèl twal: Sekirite, apezman sosyal, laswenyay, lojman, edikasyon, travay, lwazi… nou menm ki merite tout bagay sa yo? Antouka, mèsi!! Mèsi tonton LETA paskew toujou la pou nou anndan kou andeyò peyi a! Ou gate nou pou janw akonpanye nou nan zòn n ap bati yo, nan priyorize pwodiksyon nasyonal la ki pèmèt peyizan yo rale yon souf nan voye wou, sèpèt, pikwa ak bon jan kondisyon ki kifè produi yo rive nan mache. Fòk nou diw mèsi yon bò pou ministè jenès ak espò kap fè koze isi men, yon lòt bò pou ministè zafè etranjè k ap fè zafèl lòtbò ak kontròl.

Yon remèsiman espyal pou entèvansyon ak politik penal ou a ki rann prizonye nou yo ap sove e mouri pou grangou. Sann nou pa bliye vakans vire tounen an mòd lòk kap fè nou travay pou manje a. Annatandan lekòl la louvri fòk nou remèsyew avèk reverans pou ogmantasyon pri gaz la ki te gen tan deja ra sou mache a ki lakòz yon pati nan pèp la nan piye anvan yo jwenn wout pati a.

Nou vle remèsyew tou pou mizisyen nou yo ak klas mwayèn lan ki al monte bikolò a nan tè vwazin pou yo manyè respire yon bon lè. Donk, pou tout bagay sa yo; nou merite plis ke kat telefòn, bon dacha, tikè gaz ak pè diyèm.

PIBLISITE PEYE

Pèp ayisyen kontinye konte sou nou, tanpri aksepte santiman rekonesans li mouche LETA. Nap mande pou ni ou menm, pil ak pakèt konseye palè nasyonal yo ak chèk zonbi yo resevwa salitasyon patriyotik nou.
Mèsi LETA!!!

Pèp Ayisyen!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841