Yon kontenè ki te chaje ak Materyèl ki te la pou sèvi kòm depo nan Direksyon Depatmantal Biwo ministè agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral la nan latibonit (DDA-A) kase nan lannwit 28 pou rive 29 Septanm 2022 a pa Moun yo pa rive idantifye.

PIBLISITE PEYE

Depo sa ki twouvel sou wout Òganizasyon Devlopman Plèn Gonayiv (odpg) a te genyen ladanl plizyè materyèl ki t ap kontinye enstalasyon ponp sistèm solèy yo nan komin Gonayiv selon sa Direktè Depatmantal Biwo ministè Agrikilti Resous Natirèl ak Devlòpman Riral la nan latibonit (DDA-A) Ing Agronòm Renaud Géné ak administratè Biwo a Oberde Innocent fè konnen.

PIBLISITE PEYE

Responsab yo fè konnen yo pa ka bay twòp detay sou kòman depo a fè kase paske se yon zak ki pase nan mitan lannwit.

N ap siyale depi lè mouvman protestasyon yo demare nan depatman Latibonit zak piyaj yo pa sispann nan yon vil tankou Gonayiv.

Israël CEDIEU Gonaïves, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841