Senatè Rony CÉLESTIN, yon milyonè nan mwens ke 10 lane ki sot pase la nan palman Ayisyen an, anonse retrè li sou sènn politik la

Tout pou politisyen yo, zero pou pèp la, Rony CÉLESTIN/APOLLON , jèn gason 47 lane, papa yon fanmi, li marye ak Marie-Louisa Aubin Célestin, ki te vin youn nan konsil ayisyen yo nan Montréal. Nan yon ti tan toupiti, li se youn nan milyonè, politik peyi bay nan depatman Sant la

Se nan lane 2010, Senatè Rony CÉLESTIN rantre sou sènn politik la, kote li te eli depite an 2011 pou sikonskripsyon Sèkalasous. Nan lane 2016 li re-eli pou depite sou banyè pati ki te sipòte ansyen Prezidan Jovenel Moïse ak Michel Martelly a PHTK ( partis haïtien tèt kale ). Yon lane pita an 2017 nan eleksyon pike kole yo , anfas ansyen depite Abel DESCOLINES nan dezyèm tou, yo chwazi l senatè.

PIBLISITE PEYE

Nou mennen tout envestigasyon, fòmasyon akademik senatè a difisil pou jwenn, men si nou ta apiye sa ansyen kolèg li nan sena a ansyen senatè Willot JOSEPH, ta fè konnen, bon zanmi li Rony CÉLESTIN pa rive lwen lekòl, men Senatè Célestin toujou di li se yon gwo antreprenè oubyen biznisman.

Bilan
Nou fouye tout tiwa biwo nan palman Ayisyen an, kit se nan chanm depite a ak Sena, nou pa jwenn okenn tras pwopozisyon lwa li fè pandan 2 manda pou depite ak yon manda senatè. Nan envestigasyon sa, nou menm fouye tout achiv rejis ki genyen yo, nou pa jwen oken kote senatè a tap entèvni pou defann enterè sikonskripsyon kote l soti a pou n pa di enterè depatman Sant lan.

Poutan, popilasyon Sèkalasous la ap monte yon kalvè pa do ak pwoblèm enfrastrikti ki genyen, pwoblèm lekòl, pwoblèm wout, pon, lopital, devlopman elatriye…. E yon lòt bò, senatè a se biznis lap enplante, achte kay tout kote nan mond lan, dènye ka ki te fè gwo pale nan laprès se mansyon (Villa) ki koute senatè ak mandan li 4.25 milyon dola ameriken, ke senatè a li menm te jije, sòm lajan sa se yon ti kaka aran .

Ankèt

Nan yon ankèt jounal New York Times te reyalize sou senatè Rony CÉLESTIN, Frantz André ki se yon gwo defansè dwa moun nan Montréal te di «Ayiti se youn pami peyi ki plis apwovri nan mond lan, kote moun ap mouri grangou, e gen moun rich isit la ki ap piye peyi sa pou vinn achte vila ak lajan kach nan Canada « Li kontinye pou l di : Ayiti, yon peyi ki gen anviwon 12 milyon moun, ki gen anpil enstitisyon k ap mal fonksyone, Senatè Célestin ta ka ede chanje avni nasyon an.

Yon lòt kote , pou konprann mizè pèp la , plizyè milya dola nan èd te debloke pou rekonstwi peyi a aprè tranbleman tè devaste 2010 la, peyi a poko refè e tout moun ka wè li vinn pi mal. Gang ame yo kontwole anpil zòn, lamizè ak grangou ap ogmante, otorite ki établi pou sa yo pa ka bay peyi a menm sèvis ki pi fondamantal yo. Transparency International, monitè anti-koripsyon an, klase Ayiti 170èm sou 180 peyi pou nivo koripsyon yo te soti nan lane 2020 an, nan yon egalite ak kèk lot peyi.

Nan yon entèvyou ak kèk medya etranj ke senatè gran kò a Rony CÉLESTIN te akòde nan fen mwa Mas 2021 an, li asire ke li te akimile richès li nan agrikilti, enpòtasyon ak lòt biznis lejitim ki pèmèt li touche dè milyon de dola pa mwa. Li te di li te bay madanm li, Marie Louisa Célestin, lajan pou achte chato a nan fen ane 2020, pou li menm ak pitit li yo ka jwi «avantaj sosyal« ki genyen nan viv nan peyi Kanada. Nap raple tou, Senatè Célestin prete nan men Ofis Asirans vyeyès 250 milyon goud pou l peye nan 30 lane .

Nan menm entèviou sa, Senatè a kontinye pou l di: “Mwen pa bezwen jistifye tèt mwen, mwen travay pou m fè sa yo. Li di li se pitit gason yon kiltivatè ki te grandi nan peyi a, di li te kòmanse karyè biznis li nan enpòte pwodwi nan yon kamyon li lwe epi pafwa dòmi sou sak sik ak farin li t ap transpòte yo.

Toujou senatè a kap pale «Mwen pa soti nan okenn kote, ni nan gran fanmi ,men se travay mwen travay pou m vin moun mwen ye san èd okenn moun.

Senatè Célestin te eskplike nan entèvyou sa ke li posede yon konpayi gaz ki rele PetroGaz-Haiti , men daprè deskripsyon li, li fè konnen li te vyole entèdiksyon legal yo poul te fè apèl dòf sa kote li pwofite de lajan leta a . Malgre ke politisyen yo pa ka posede konpayi daprè sa ki ekri nan konstitisyon an, kote li entèdi yo pou yo gen kontra ak leta a, yon bagay Célestin te di li gen kontra sa pou kat ane ak konpayi gaz li a.

Li te deklare ke li posede yon gwo fèm nan vil Leogâne, Ayiti, ki 800,000 poul ki gen yon valè anviwon 60 milyon dola, men li ka pat bay okenn dokiman kòm prèv yo egziste vre daprè jounal New-York Times. Repòtè New York Times la te vizite vil sa kote senatè te di a, li pa t kapab jwenn okenn tras poulaye poul e menm abitan nan zònn nan fè konnen yo pa okouran de okenn poulaye sa ki ta sanble egziste nan bouch . Patrice Dumont, yon senatè nan Léogâne, te revele bay New York Times ke pwojè Célestin a te planifye men pa janm lanse.

PIBLISITE PEYE

Célestin te di li posede tou yon estasyon radyo ki rele Model FM, ki te kòmanse nan yon rejyon seksyon riral men ki te grandi nan pwen pou l te vin mete l nan yon katye Pòtoprens, kapital peyi a. Estasyon an gen yon ti biwo nan banlye Petyonvil, ki pa gen okenn afich sou li . Jounal New York la fè konnen pandan de okazyon yo te vizite lokal sa te fèmen oswa okipe pa yon sèl moun ki pa t ‘kapab bay okenn enfòmasyon sou estasyon an, ni yon pousantaj piblisite.

Inite Anti-Koripsyon gouvènman ayisyen an te lanse yon ankèt an fevriye 2020 an sou acha kay Célestin nan Kanada. Royal Canadian Mounted Police (RCMP), fòs polis nasyonal la, te di ke li pa ka divilge si li t ap mennen ankèt sou tranzaksyon sa, daprè Garry Clement, ki se yon ansyen chèf yon inite RCMP ki mennen ankèt sou blanchi lajan nan peyi Kanada ..

Kòm li se yon senatè, yo konsidere kòm yon «moun ki ekspoze politikman « dapre règleman lalwa Kanadyen sou blanchi lajan , ki vle di ke enstitisyon finansye yo oblije fè dilijans pou detèmine orijin lajan transfere ki depase $ 100,000 dola. Règ sa yo aplike tou pou Marie Louisa Célestin, ki se madanm senatè a , toujou Clement ki t ap eksplike.

Rony Célestin te di ke tout bagay ki gen rapò ak acha li fè yo legal.«Sinon li tap gen anpil pwoblèm ak bank yo nan Miami,» li te ajoute, li te di ke li te transfere regilyèman $ 20 milyon dola a $ 30 milyon.

Sepandan, Célestin ak avoka li nan Monreyal , Alexandre Bergevin, te refize reponn kesyon swivi oswa bay non konpayi enpòte oswa fèm. Madanm li, ki te travay pou konsila ayisyen an nan Monreyal depi 2019, pa t reponn ak demann pou fè komantè sou kesyon sa .

Pandan ane yo, Célestin te fè fas ak plizyè akizasyon nan fwòd ak koripsyon, tou de (2) nan kanpay elektoral li yo ak nan wòl li kòm yon ofisyèl piblik.

An 2010, lè li te eli kòm manm nan chanm bas la, eleksyon an te sal ak akizasyon de koripsyon ak fwòd . Sèt ane pita, lè li te genyen yon chèz nan Sena, Abel DESCOLINES se te advèsè li nan dezyèm tou a te fè konnen eleksyon sa te gen fwòd .

Nap raple nou , nan lane 2016, chato kote Célestin te rete nan laboul la, te sezi pa polis nasyonal Ayiti (PNH) la pandan yon ankèt sou trafik dwòg. Célestin demanti ke kay la te gen lyen ak yon trafikan dwòg e li te di akizasyon yo te fabrike pa lènmi politik li yo..

Eskandal piblik ant de baron depatman Sant Ayiti a. Willot Joseph ak Rony Celestin te gaye sou medya ak rezo sosyal yo . Akizasyon ansasen, vòlè, dilè dwòg, koripsyon yo fèt. Revelasyon? Denonsasyon? Antouka, lajistis pa mete aksyon piblik an mouvman pou fè limyè sou dosye sa yo.

Se 17 jen 2022 a, echanj ant de mesye sa yo, de politisyen byen koni kote eklatman vèbalman sa yo te devwale sou plas piblik . Yo fwote youn ak lòt sou medya sosyal yo .

Ansyen senatè Willot Joseph pa t kenbe lang li nan bouch li. Li vide tout sak te nan vant li kont Rony Celestin.

Daprè Willot Joseph, aktyèl Senatè Rony Celestin touye jounalis Néhémie Joseph. Kadav jounalis la, ki chaje ak twou bal, te dekouvwi nan kòf machin li a jou ki te jedi 10 oktòb 2019 la, nan Pak Bayas, nan papòt vil Mirebalais, depatman Sant.

Ansyen palmantè a te kontinye akize Rony Celestin nan asasina ansyen komisè Gouvènman Pòtoprens e ansyen Direktè Jeneral Inite pou Lit Kont Koripsyon (ULCC), mwen menm Claudy Gassant ki mouri kay vwazen an nan Repiblik Dominikèn e li te menm akize senatè Rony Celestin kòmkwa li te patisipe nan finansman ekzekisyon ansyen Prezidan Jovenel Moïse ki te asasinen nan rezidans li, nan Pèlerin 5, nan nuit 6 pou rive 7 jiyè 2021.

Toujou senatè Willot Joseph, li te pale tou de pouvwa a, enfliyans Rony Célestin nan Repiblik Dominikèn ak envèstisman li nan peyi vwazen. Rony Celestin se yon kontrebandye, ki fè kontrebann zam ak minisyon nan kontenè sou fwontyè san kontwòl ladwann ayisyen,se li ki kontwole aparèy jistis la nan depatman Sant lan, se li menm nome , se li menm ki revoke. Li toujou chèche genyen kontwòl tout direktè depatemantal polis ki vini nan plato santral e fè transfere tout sa ki pa mache sou lòd li .

Lè nou konsidere, Ayiti pa gen yon palman ki ap fonksyone depi 2020, leta pa fonksyone, kidnapin ak asasina ap ogmante chak jou nan peyi a, e Bank Mondyal estime ke vas majorite popilasyon an ap viv anba liy povrete a ak mwens pase $2.41 pa jou. Plis pase 2.5 milyon Ayisyen ap viv anba liy «povrete ekstrèm» ak mwens pase $1.23 pa jou, pou yon depite ak senatè rive milti milyonè nan mwens 10 lane nan yon peyi si pòv konsa, se pèp ki te vote a , Kisa l jwen kòm rekonpans .

Tout pou politisyen yo, anyen pou pèp la .

Jean Launy Avril, Centre à la UNE.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar