Ansyen anbasadris Ameriken lane 2012- 2015 Ayiti, Pamela Ann White ki te envite pa repibliken yo nan yon seyans komisyon zafè etranje peyi Etazini òganize jedi 29 sektanm 2022 a, drese yon tablo sonm de peyi Ayiti e li profite pou fè konnen diplomati moun aprann nan liv yo pa adapte nan yon peyi tankou Ayiti. Etazini dwe mete pye yo atè si yo vle ede Ayiti rezoud kriz li a.

PIBLISITE PEYE

Pamela Ann white fè konnen li lè li tan pou Etazini mete pyel atè si yo vle ede Ayiti rezoud kriz la tout bon vre. Peyi Ayiti pa genyen yon gouvènman lejitim, pa genyen paleman. Gang kontwole plis ke 60% teritwa Ayiti. Bezwen primè popilasyon an pa garanti. Ayiti tounen yon veritab lanfè nan mond lan pandan peyi sila tou kole ak Etazini ak anviwon 90 minit. Ayiti se yon Eta fayi ki donk diplomasi nòmal pa pou Ayiti.

Ansyèn Anbasadris la kontinye pou di Kapital Ayiti a Pòtoprens genyen plis ka kidnaping ke sa ki fèt nan tout mond lan. Ensekirite a jeneralize, se gang k ap feraye, menm ofelina pa epaye. Bri bal twomatize ti moun yo sitou nan ofelina yo. Gang yo genyen plis zam nan men yo ke sa lapolis Ayiti posede. PNH la enkapab pou fè fas ak gang yo. Se yon peyi y ap boule moun tou vivan. Moun pa ka manje, yo pa ka bwè.

Anpil aktè nan entènasyonal la ap klewonnen pou pale de ranfòse sekirite Ayiti. Kreye kondisyon pou kwasans ekonomik, wi yo genyen rezon. Men pouki yo pa fè sa ki merite fèt kounye a ki ijan ki se mete pye yo atè pou rezoud kriz ensekirite a ki genyen konsekans sou tout bagay nan peyi a. Si administrasyon Joe Biden nan refize aji pou mete pyel atè Ayiti. Li probab pou ta genyen plis ke 1.3 milyon Ayisyen mouri grangou.

Anbasadris Pamela rapousib pou di; chak jou ki pase san pran yon desizyon fèm pou ede Ayiti se ankouraje gang yo teyorize popilasyon an, kontribye nan kantite moun k ap mouri grangou yo, nan ti moun yo ki pa ka ale lekòl. Mwen vote pou sekirize lari a dabò. Pa genyen pyès kondisyon ki reyini pou nou pale de eleksyon nan peyi sila.

PIBLISITE PEYE

Anbasadris Pamela fini pou di Òganizasyon Eta Ameriken (OEA), Nayonzini (ONU), ak prezidan Joe Biden dwe aji vit pou evite Ayiti desann pi fon nan wout efondreman ke l ap desann nan.

Sadrax ULYSSE, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....