Kriz gaz la, melanje ak tibilans politik yo nan peyi Dayiti pandan dènye tan sa yo ki rete yon fenomèn nwa pou paran ak elèv yo ki poko janm wè klè pou ta pran chemin lekòl 3 oktòb kap vini la jan responsab edikasyon nan leta yo mande sa.

Ansyen depite Abel Descolines ki t ap patisipe nan emisyon radio Black FM nan Ench 28 septanm 2022 a fè konnen li poko klè ditou sou kòman lekòl la ap louvri fason Minis edikasyon an Nesmy Manigat tap pwone a.

PIBLISITE PEYE

Pòt pawòl Pati KADO a, Abel Descolines, ki estime pyès kondisyon pa reyini bò kote leta pou 3 oktòb respekte pou louvri pöt lekòl yo jan ke gouvènman an tap fè lòbi pou sa.


Dirijan KADO a kontinye pou l di: Bon jan edikasyon se baz avni yon sosyete a ansyen depite fè konnen tout li regrèt anpil fason sistèm edikatif la p ap fonksyone depi aprè 1986.

PIBLISITE PEYE

Abel Decoline montrel kritik anvè pouvwa a ki pa reponn ak vrè bezwen popilasyon an 14 mwa aprè depi Premye Minis Ariel Henry ap dirije. Li kontinye pou l di : li aplodi tout mouvman leve kanpe k ap fèt yo pou mande ekip Ariel la kite pouvwa, pandan li di non a tout fòm de vyolans ak piyay byen sitwayen yo.

Aktyalite jedi 29 Septanm 2022 a


Pa genyen gaz, sikilasyon an bloke nan diferan vil nan peyi a. Manifestasyon prèske chak jou nan plizyè vil peyi a e Minis levasyon nasyonal la toujou kenbe lendi 3 oktòb pou ouvèti lekòl la nan peyi a.

Jacquelin NAPOLÉON , Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841