AYISYEN KI ABITE NAN VIL TOUPRE FWONTYÈ AK DAJABÓN TRAVÈSE ACHTE MANJE YO EPI RETOUNEN NAN PEYI YO.

Mache fwontyè Dajabón nan fèt jodi vandredi 30 septanm 2022 a nan kalm ak anba siveyans militè dominiken yo sere sere. Genyen gwo cha blende ak plizyè douzèn sòlda ki gen anpil gwo zam lou nan men yo. Tout mezi sa yo rive pran tou swit, aprè ensidan ki te fèt yè nan zòn franch Codevi, nan Juana Méndez, sou bò ayisyen an.

Malgre gen mwens achtè parapò lòt okazyon yo, depi nan vil Okap komèsan yo pè travèse nan teritwa dominiken an paske nan kesyon lòk sa, yo kapab rantre epi yo paka soti selon temwayaj kèk nan yo. Kèk Ayisyen ki soti nan zònn Juana Méndez rapòte ak Centre à la UNE ke sitiyasyon an nan vil yo a kalm.

Pou cha lagè k ap sikile nan katye yo nan mache a, Manm Lame Repiblik Dominikèn fè konnen se kolonèl Rosario Pérez ki ap kòmande twoup la pou asire sekirite.

Kòmandan Rosario Pérez deklare tout bagay kalm bò Dominiken e siveyans yo ranfòse pou evite nenpòt sitiyasyon. Li raple ke prensipal misyon yo se veye ak pwoteje teritwa dominiken an.

PIBLISITE PEYE

Jedi aprè midi, yon gwoup ayisyen te antre ak vyolans nan lokal Kòporasyon Devlopman Endistriyèl (Codevi) ki sitiye nan Juana Méndez, sou fwontyè ak Dajabón, sa ki lakòz domaj nan pati enpòtan nan estrikti a.

Ansyen premye Minis pou ti bout tan Ayisyen an Claude JOSEPH kalifye demach sila kòm yon pwovokasyon prezidan Luis Abinader fè ak ayiti.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar