Jounen vandredi 30 septanm 2022 a Burkina Faso te sou tansyon akoz katouch ki tap tire san rete nan vil Ouagadougou kapital Burkina Faso. Jounen sila fini ak anons destitisyon Paul Henry Damiba ki te pran pouvwa janvye 2022 gras ak yon koudeta militè. Burkina Faso ki twouve l nan lwès kontinan afrik la fè fas ak 2 koudeta nan 8 mwa.

Yon gwoup militè anonse vandredi 30 septanm 2022 a, nan televizyon nasyonal peyi Burkina Faso revokasyon Paul-Henry Damiba ki te sou pouvwa depi 24 janvye 2020 akoz de yon koudeta.

Aprè yon jounen boulvèse ak katouch espesyalman nan katye prezidansyèl la nan vil Ouagadougou, yon kenzèn sòlda avèk ekipman militè, e kèk lòt kagoule, prezante sou plato radyo televizyon nasyonal peyi Thomas Sankara pou adrese yon kominike.

Nan kominike sila, lyetnan kolonèl Paul-Henry Damiba revoke nan fonksyon l nan tèt ògan ke yo rele 《MPSR 》 ( Mouvement patriotique pour la sauvegarde et la restauration ). Ki se prensipal ògàn ki t ap dirije Jent militè a, ki karakterize yon diktati militè.

Kapitèn Ibrahim Traoré, nouvo chèf Toupizan peyi Thomas  Sankara.

Nouvo chèf deziye Prezidan 《 MSPR 》se dezòmè kapitèn Ibrahim Traoré. 34 lane kapitèn epi chèf inite fòs espesyal anti-jihadist yo (Cobra) nan rejyon kaya nan nò peyi Burkina Faso.

Yon lòt kote poko genyen ankenn deklarasyon ofisyèl ki fèt sou sò ansyen lidè (MSPR)  Paul-Henri Damiba. Sepandan putchists yo anonse ke yap fèmen divès fwontyè ( terès, aeryèn, maritim ) peyi a, epi sispann konstitisyon an, ak disoud gouvènman ak asanble lejislatif trazitwa ki te genyen an.

Kouvrefe 9è pou 5è tabli sou tout teritwa.

Militè yo abòde sitiyasyon sekirite a ki pa sispann degrade nan peyi Burkina Faso epi deklare :《 nou deside pran responsabilite nou, ki karakterize pa yon ideyal ki se restorasyon, sekirite ak entegrite tèritwa a, yo rapousib pou fè konnen ke ideyal kolektif o depa, pa respekte a koz lidè ke yo te fè konfyans lan trayi yo. Paske ansyen lidè yo kolonel Paul-Henry Damiba pa libere tèritwa ki okipe yo, anplis zòn ki te pezib vinn sou kontwòl teworis》.

Yon lò kote putschis yo raple Paul Henry Damiba te pwomèt lè lap pran pouvwa ke lap fè kesyon sekirite a priyorite l, tandiske atak jihadist yo ogamante nan dènye mwa yo espesyalman nan nò peyi a.

Kondanasyon Cédéao.

《Cédéao 》 ki se ; kominote ekonomik Eta afrik lwès yo.

Nan yon kominike, kominote ekonomik Eta Afrik Lwès yo kote ke peyi Burkina Faso sou sispansyon depi premye koudeta ki te fèt nan janvye 2022 a, kondane ak tout fòs li dezyèm koudeta ki fèt la. Kominote ekonomik Eta Afrik lwès la, estime li inapwopriye epi karakterize yon bak pou Burkina Faso kote gen efò ak progrè ki fèt pou peyi Thomas Sankara retounen nan yon yon lòd konstitisyonèl pa pita ke jiyè 2024.

Yon lòt kote Inyon ewopeyèn ak Etazini eksprime enkyetid yo, ak sitiyasyon sila, epi mande resòtisan yo pou yo limite deplasman yo.
Kominote entènasyonal la fè yon apèl pou bagay yo tounen nan kalm yo epi egzòte rekil ak tanperans lakay pati konsène yo.

Jefferson Bonissant, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841