La Risi selebre aneksyon 4 rejyon li sezi pou Ikrèn

Prezidan Ris la, Vladimir Poutine, siyen jodi vandredi 30 septanm 2022 a kat (4) rejyon nan Ikrèn ki anekse ak Larisi, nan yon seremoni ki dewoule nan kapital peyi a, Kremlen.

Aprè yon gwo viktwa kote popilasyon sa yo di wi nan kad plizyè referandòm Larisi te reyalize, gouvènman Ris rive anekse ak teritwa pa yo a kat (4) rejyon nan peyi Ikrèn, e n ap site : Louhansk, Donetsk, Zaporijjia et Kherson. Ansanm 4 rejyon sa yo totalize 15% nan teritwa ikrenyen an.

N ap fè remake, pou reyalize referandòm yo, gouvènman Ris la te pran 5 jou pou pèmèt vòt yo te fèt nan tout 4 rejyon yo.

Pou prezidan Ris la, Vladimir Poutine, fè konnen lè popilasyon sa yo chwazi vote referandòm yo, sa tradui yo aji selon tout dwa yo genyen pou gen aksè ak otodetèminasyon yo. Li kontinye pou di moun yo vote pou anvi yo ak anvni fanmi yo, paske fontyè ki separe 2 peyi yo se yon fontyè imajinè, ki pa reyèl. Prezidan poutine mande otorite Kyèv yo depoze sam e chache fè lapè ak Larisi, yo prè pou yo antann yo ak gouvènman ikrenyen an. Li pwomèt pou devlope 4 nouvo rejyon yo nan tout nivo devlopman e pèmèt popilasyon sa yo santi van chanjman k ap pwopaje nan tout rejyon yo. Li pale tou de Loksidan k ap fè tout sa li kapab pou aneyanti Larisi e enstore yon rejim newokolonyal pou kontinye piye lòt peyi nan mond lan.

Yon lòt bò, gouvènman peyi Ikrèn nan melanje ak tout alye li yo kritike e kalifye demach Ris la ki akapare rejyon sa yo de yon « similak ». Se pa diferan pou dirijan peyi ki fè pati UNION EUROPÉENNE yo, ki yo menm tou voye jete byen lwen epi kondane, jodi vandredi a, aneksyon « ilegal » sa a Larisi fè ak 4 rejyon yo. Pou dirijan UE yo, aksyon sa Larisi poze a, se yon veritab danje pou sekirite tout mond lan.

Malgre tout sa, apati siyati sa a ki ofisyalize aneksyon an jodi vandredi 30 septanm 2022 a, okenn lòt pisans osnon peyi etranje (menm peyi Ikrèn) pa ka pran pyès desizyon pou osnon kont rejyon (oblast) sa yo, ni foule sòl yo san konsantman peyi Larisi, ki deja okipe espas sa yo.

N ap raple, konfli sa a ant 2 peyi vwazen yo te eklate depi nan dat 24 fevriye 2022, lè prezidan Poutine te òdone twoup Ris la anvayi Ikrèn.

Serondier Louisia, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841