Aprè Lula sòti nan prizon sondaj yo montre li toujou rete popilè e li ka pran yon lòt manda prezidansyèl ankò nan peyi Brezil. Lula nan tèt sondaj yo avek 47% entansyon vòt yo épi anfas la Jair Bolsonaro a 37 % selon sa dènye sondaj Enstitisyon
Datafolha ki repite nan domèn sila fè konnen. 

Luis Inacio ke moun plis konnen sou non Lula se yon animal politik san parèy. Aprè li sot pase 18 mwa nan prizon pou kòripsyon nan dosye antrepriz 《Petrobras》ki te lakòz kel pat ka patisipe nan dènye eleksyon yo, rive domine lajman sondaj prezidansyèl yo ane sa.

Lula literalman reprann tèt lopozisyon an nan peyi Brezil anfas Jair Bolsonaro.
Ansyen Prezidan an rive fòme yon gwo ko-alisyon ki regwoupe 10 pati politik, de ekstrèm Goch, pase pa Sant pou rive nan Dwat.

Ak 76 lane, sa fè Sizyèm fwa ansyen Prezidan an poze kandida pou pòs Prezidan e se petèt dènye batay politik li.

Pou yon gwoup Brezilyen Lula ki fè deja 2 manda (2003-2011) kòm Prezidan se yon kandida ki bay lespwa e pou lòt li se yon demon ki siji nan pase, epi yon senbòl koripsyon. Sepandan ansyen Prezidan ap batay pou l fè yon twazyèm manda kòm prezidan nan peyi Brezil, kote ke premye tou eleksyon yo sipoze fèt demen dimanch 2 oktòb 2022 a.

Pa genyen trò gran eka ant Lula ak aktyèl prezidan an ki se Jair Bolsonaro. Lula nan tèt sondaj yo avek 47% entansyon vòt yo épi anfas la Jair Bolsonaro a 37 % selon sa dènye sondaj Enstitisyon
Datafolha ki repite nan domèn sila fè konnen.  Fernanda Magnotta, espesyalis nan fondasyon 《 FAAP 》 (Fondation Armando Alvares Penteado) fè konnen gen posibilite pou Lula benefisye de sa yo rele vòt itil la, ki gen tan ap fè pale anpil. Sitou lè yo konsidere apui divès pèsonalite enpòtan kandida lagòch la ka benefisye. Eg:Prezidan Fernando Henrique Cardoso (1995-2003), ansyen minis anviwònman an Marina Silva, san bliye entèlektyel gòchis ak gwo sipèsta nan peyi Brezil.

Kidonk divès sipò ak sondaj yo revele gen yon fòt posibilite Pou Luiz Inacio Lula rive pase nan eleksyon yo pou yon twazyèm fwa nan peyi Brezil ki se pi gwo pwisans ekonomik nan rejyon amerik latin nan.

Nap raple aprè Lula fin pase 18 mwa nan detansyon pou koze kòripsyon te rive jwenn liberasyon l nan yon ka eksepsyonèl, akoz lajistis nan peyi Brezil te anile kondanasyon yo pou vis-fòm epi akize de pasyalite jij ki te sou dosye a.

Jefferson Bonissant, Centre à la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841