Direktè Edouard fè yon pledwaye pou DINEPA rete vivan

Direktè Jeneral Direksyon nasyonal dlo potab ak Asenisman an Ayiti (DINEPA) M. Guito ÉDOUARD, nan diskou li nan okazyon ouvèti egzèsis fiskal 2022 – 2023 a ayè samdi 1e oktòb 2022 a, pale de yon ansanm defi yo genyen ak objektif tou nèf DINEPA sou yon baz ki lye ak 3 prensipal demach pou garanti youn nan bezwen elemantè popilasyon ki se jwenn dlo de kalite e an kantite.

Diskou Direktè jeneral la M. Edouard enskril nan 3 demach sila yo:

  1. Travay trè di pou pèmèt tout Ayisyen gen aksè ak dlo pòtab ak asenisman, nan vil kou andeyò ak ozalantou vil yo, pa mwayen pwogram yo genyen ki pote non (EPA).
    Nan 1e demach la, DINEPA solisite sèlman akonpayman Leta Santral la an Ayiti, vya fon piblik yo ke Leta dwe mete disponib, pou rive konstui espas ki kapab bay dlo nan bon jan kondisyon ijyenik. Yo di tou se yon obligasyon pou gen yon plan amenajman tèritoryal ak yon plan pou rebwazman. Pou sa rive fèt, fòk MICT, MENFP ak MDE mete men, pou yo rive ogmante kouvèti vejetal ak forestyè a, ki se kote ki pèmèt nap freyatik la alimante. Yo fè konnen sa ap rive fèt gras ak 5 ministè yo ki se manm konsèy k ap jere EPA a, ki dwe mete yon nouvo taks k ap rele taks-EPA nan tout lwa finans yo.
  2. Travay pou rann DINEPA rantre lajan poul ka pran dwa granmoun li pou yo responsab tèt yo, gen pwòp lajan yo pou mete an aplikasyon tout pwogram yo genyen avan menm ane 2032 rive.
    Nan demach sila, DINEPA pral fòse popilasyon an peye pou tout sèvis dlo ak asenisman y ap resevwa yo. Direktè a fè konnen si se pa t gras ak » Banque interaméricaine de développement» (BID), ki prèske pa entèrese ak yo ankò nan kesyon finansman, DINEPA pa t ap gen ase ren ekonomik pou kenbe depi kèk tan fas ak tout defi yo gen pou yo leve. Se pou sa menm, yo ankouraje popilasyon an peye osnon kontinye peye tout sèvis yo.
  3. Kreye epi kenbe yon anviwònman favorab pou devlopman ki lye ak sektè EPA a.
    Demach sila a vize lapè ki dwe genyen nan peyi a, sa k ap pèmèt klima a nòmal, pou sektè ekonomi ki fòme gwoup PTF la, tankou BID ki envesti 60 a 75 milyon dola, Bank Mondyal, Koperasyon Espagnol (AECID), UNICEF, Koperasyon peyi Laswis…ka kontinye pote soutyen yo pou yo. Pwoblèm sosyal sa yo (gang, grèv, peyi lòk, enstabilite…) fè DINEPA ta gen penalite pou peye yon kantite lajan menm nan rèv li pa genyen. Malgre tout tibilans sa yo, biwo santral DINEPA a ak tout OREPA yo nan faz pou fini yon plan pou 10 lane yo genyen, soti 2022 pou rive 2032. Direktè a fè konnen DINEPA kontinye travay, nan sousi pou reponn ak 3 prensipal objektif yo genyen ki se: mete an valè eslogan yo ki se : DINEPA ap travay ! San yo p ap di yo satisfè a 100%, men menm moun ki pa vrèman konnen byen fonde tout sa pwogram y ap reyalize yo, bat bravo lakontantman pou kantite fwi efò travay tèt ansanm yo pote pou popilasyon an.

Direktè General DINEPA a fini diskou a pou salye epi remèsye tout moun ki kontinye soutni sektè EPA a, pou li rive grandi nan sousi pou pèmèt sèvis yo atenn pi wo somè satisfaksyon yo, sa ki lye ak 6e objektif ODD 2030 yo genyen an.

Serondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841