Anviwon 8 moun mouri nan kolera ak kèk lòt ka sispèk nan peyi Ayiti, se Direktè jeneral ministè sante piblik ak popilasyon an Doktè Lauré Andrien ki anonse nouvèl la nan yon konferans de près li bay dimanch 2 oktòb 2022 a.

Ministè sante piblik konfime nan konferans sila ka pozitif kolera nan zòn savann pistach nan katye kafou fèy ak plizyè ka sispèk nan site solèy nan katye Brooklyn.

Doktè Adrien fè konnen y ap fè tout sa yo kapab nan nivo ministè a pou evite propagasyon kolera a nan lòt zòn yo. Pandan li presize moun ki mouri yo se nan kominote yo ke yo mouri paske yo pat gentan ale lopital.

MSPP mande tout moun respekte règ ijyèn yo tankou bwè dlò trete, lave men yo pou evite trape kolera.

N ap raple epidemi kolera te sakaje popilasyon ayisyèn nan lane 2010, li te touye plis pase 10 000 ak anviwon 820 300 lòt te enfekte e sete sòlda peyi Nepal ki te nan misyon ONU te voye ayiti ki rantre ak maladi sa nan peyi a.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841