Mouvman Leve Kanpe pou yon lòt Endepandans

Pòtoprens 2 oktòb 2022

Mouvman Leve Kanpe Pou Yon Lòt Endepandans desann chapo li byen ba pou li salye kouraj ak detèminasyon pèp Ayisyen an ki kontinye kenbe flanbo mobilizasyon an byen wo nan kat kwen peyi a malgre sityasyon malouk lap viv, malgre zak represyon pouvwa Core Group / PHTK twazyèm vèsyon an ap fè nan peyi a. Pèp la jire pou l kontinye sou tras batay papa Dessalines ak lòt zansèt yo yon fason pou li ka rive konstwi yon Ayiti granmoun kote byennèt blayi pou tout moun alawonbadè.
Nan lide pou kontinye batay zansèt yo, pou kenbe memwa ewo nasyonal ak entènasyonal Jean Jacques Dessalines epi mete flanbo mobilizasyon an pi wo toujou, Mouvman Leve Kanpe dekrete mwa oktòb la «Mwa Desalin». Pandan tout mwa oktòb la n ap òganize yon latriye aktivite deba sou batay pou lendepandans la , metòd lit ak estrateji batay Desalin nan ki dwe sèvi nou gid nan batay kap mennen pou dezyèm endepandans, batay kont pouvwa Core Group / Aryel Henry ak alye li yo kap antere peyi nou an. Nan sans sa a, nou envite tout popilasyon an nan lansman mwa Desalin nan k ap fèt lendi 3 oktòb soti 10zè pou 11zè sou plas Desalin sou Channmas.

PIBLISITE PEYE

Aprè seremoni lansman mwa Desalin nan, nou pral kontinye okipe lari a pou n al bat chal bare dèyè Ariel Henry ki sèmante pou li kontinye travay Jovenel t ap fè kont pèp Ayisyen an. N ap kontinye okipe lari a kont Core Group ki mare sosis li ak mafya lokal yo pou pèmèt gwo miltinasyonal yo ak koutye isit kontinye piye richès peyi a epi Kanpe ankwa kont pwosè krim san ak krim finansye yo.

Mouvman Leve Kanpe Pou Yon Lòt Endepandans kontinye kwè, pou nou rive nan lòt Ayiti nou vle a, fòk nou dechouke ekip mafya Phtk ki nan tèt Leta a ki se yon kondisyon pou yon bonjan relouvèti lekòl nan tout peyi a. Nap mete kanpe Yon tranzisyon koupe fache ak yon ekip gouvènmantal kòrèk ki dwe travay pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an, reyalize pwosè lajan CIRH la, pwosè petrokaribe a ak pwosè masak yo.

PIBLISITE PEYE

Mouvman Leve Kanpe denonse ak tout fòs li koudfòs lame dominiken fè nan wanament kote yo pile sòl nasyonal la epi arete plizyè konpatriyót. Yon lòt bò nap denonse tou mannèv entènasyonal la, Pamela white, prezidan dominiken an Abinader ak oligachi lokal la ap fè pou ranfòse okipasyon peyi a. N ap raple pou tout moun, se solisyon kole pyese entenasyonal la ak boujwazi a ki mete nou nan kalfou tenten nou ye jounen Jodi a. Pa gen gen okenn sovè lokal ni entènasyonal ki ka wete peyi a nan sa li ye la. Se sèl pèp la ki ka sove pèp la.

Se pou sa nou mande pèp Ayisyen an, kontinye leve Kanpe, bare anwo bare anba, jouk nou dechouke pouvwa mafya a.

Viv lit pèp la !
Viv yon Aiyti granmoun ! Aba okipasyon !

Pou otantifikasyon

Josué MERILIEN

Kebert BASTIEN

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841