Yè dimanch 2 oktòb 2022 a, lanmò pwopriyetè yon tèren ak 2 anplwaye li, te pwovoke reyaksyon kominote a koz yo mete dife nan plizyè kay kote ayisyen te abite nan vil Esteto Hondo nan puerto plata, Repiblik Dominikèn.

Kominote Estero Hondo, Villa Isabela, leve yè nan gwo panik akoz asasina pwopriyetè Juan José Soto Corniel ki genyen 70 lane. Anplwaye li yo Gilberto Basilio Toribio (Mochito) 60 lane ak Arelis Maritza Ovalles Ureña 63 lane.

Yo te koupe gòj 3 moun sa yo epi kò yo e konsta yo montre yo te pran plizyè kout kouto, yon krim ki te atribiye a yon anplwaye Soto Corniel ki gen nasyonalite ayisyèn, ki tap travay nan jaden l.

Inite Direksyon Santral Envestigasyon Kriminèl (Dicrim), Lapolis Puerto Plata ak Santiago mennen ankèt yo sou evènman terib la.

Manm kominote a mete dife nan tout kay kote ayisyen abite nan Estero Hondo suit ak krim sila , an revanj pou lanmò pwopriyetè tèren an Soto Corniel ak de anplwaye li yo, yon sitiyasyon ki lakòz nouvo epizòd vyolan nan zòn nan.

Yè ansyen Minis Fòs Lame yo, José Miguel Soto Jiménez, konfime ke se tonton li, mèt tè a Soto Corniel, ki te asasinen ansanm ak de anplwaye, nan fèm li nan Rancho Manuel de la Isabela, nan Puerto Plata.

Jeneral retrete Soto Jiménez te di ke rapò li te genyen yo te fè konnen se ayisyen ki fè komèt trip omisid la, men li te sou wout pou l ale nan fèm tonton patènèl kote evènman an te fèt la

“Nou rapòte nouvèl trajik sou asasina tonton mwen Juan José Soto ansanm ak de nan anplwaye li yo, nan fèm li nan Rancho Manuel de la Isabela… Rapò preliminè sou asasina tonton mwen an revele ke se ayisyen ki te touye li. Mwen pa gen okenn lòt detay, men mwen vwayaje sou sit la pou chèche konnen, «li te ekri sou Twitter li mesaj sila.

Ajan Polis Syantifik la, reprezantan Ministè Piblik la ak lòt kò ankèt yo te rive nan fèm ki sitiye nan Estero Hondo.

Yon lòt evènman terib ki te fèt nan Puerto Plata anviwon dizan de sa, ki te tou lakòz konstènasyon, se te yon koup etranje marye ki te asasinen nan kominote Tiburcio toupre Rancho Manuel, e jete yo nan yon sitèn. Yo te akize yon ayisyen ki te anplwaye yo nan krim sila.

By Jean Launy Avril

Je suis un guerrier de la vieille école. Nou fòme nan Syans Jiridik , Filozofi , Antropoloji sosyal e Syans Politik, Nap fè metriz nou nan Syans Sosyal domèn dwa moun .Nou gen fòmasyon nan redaksyon ak prezantasyon emisyon e nou ekri pou plizyè jounal nasyonal e entènasyonal elatriye..... Membre Fondateur et Directeur général du journal "Centre à la UNE". Mail: jean.launy.avril@mi.unc.edu.ar