Se vre Minis edikasyon nasyonal Ayiti M. Nesmy Manigat te soti yon kominike aprè konsèy minis yo ki te dewoule dimanch 2 oktòb 2022 a, pou fè konnen ouvèti lekòl la toujou fikse pou lendi 3 oktòp de manyè progresiv.

Yon desizyon ki pa rive respekte pliske pou premye jou ouvèti a plizyè depatman nan peyi a tankou: lwès, Latibonit, Sant, ak Nò te pran lari pou proteste e menm mande demisyon Premye Minis Ariel Henry.

Pou komin tankou Petyon vil, kafou, Okap plizyè sitwayen abiye ak inifòm te vizib nan manifestasyon yo epi ap lanse anpil pawòl piman bouk pou ridikilize deklarasyon Minis edikasyon an ki te deklare pou lekòl louvri jounen lendi a tipa tipa.

Protestatè yo fè konnen pa gen gaz, pa gen dlo epi pri pwodwi yo tèt nèg san konte ensekirite a k ap galope nan yon sitiyasyon parèy yo pa wè kòman y ap fè pou voye ti moun yo lekòl.

Toujou manifestan yo k ap pale fè kwè p ap ka genyen lekòl ak premye Minis Ariel Henry ki deside monte pri gaz la pandan li pa menm ka fèl rive nan ponp yo.

Premye jou rantre lekòl la se yon katastròf ak yon echèk total Ayiti ki nan yon kriz total k ap plonje chak jou li jou pi fon.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....