Selon sa administrasyon penitansye peyi Équateur (SNAI) fè konnen genyen pipiti 15 prizonye asasine ak 20 lòt blese nan yon revòlt ki eklate nan prizon ki twouve li tou pre vil Latacunga nan Sid peyi a lendi 3 oktòb 2022 a.

SNAI fè konnen sekouris te deja sou plas ak fòs lòd yo pou pran kontwòl sitiyasyon an nan sousi pou evite plis dega fèt nan prizon an.

Prizon sila ki se youn nan pi gwo nan peyi Équateur genyen 4 300 prizonye ladan li. Soti mwa fevriye 2021 pou rive ane sa, prizon sila deja konnen 7 masak ant prizonye ak prizonye ki koz 400 deja pèdi lavi yo.

Otorite yo pa kapab kontwole zak vyolans k ap plede fèt nan prizon sila ki souvan fè ak zam blanch, kote youn ap pike lòt koupe tèt…

Selon estimasyon ki fèt yo prizon nan peyi Équateur chaje ak prizonye ki depase lèbòn ki anviwon 35 000. Majorite prizonye sila yo se gang ak trafikan dròg.

kredi enfo: France 24

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....