ONG edikasyon san dèle (educatin cannot Wait) anonse yon sibvansyon 11.8 milyon dola k ap konsakre pou program plizyè lane k ap jere pa UNICEF ak PAM ak kòdinasyon gouvèman Ayisyen. Nouvo sibvansyon sila vize mobilize 16.7 milyon dola anplis pou kapab ede 45 000 elèv ayisyen ki touche pa kriz aktyèl Ayiti a. Se UNICEF ki fè anons la lendi 3 oktòb 2022 a sou sit ofisyèl li.

Selon sa yo fè konnen program sila ap dire 3 lane e se UNICEF ak programme alimentaire mondial (PAM) nan tèt kole ak gouvènman Ayisyen ak kèk patnè lokal k ap genyen pou jere fon sila. 1.5 milyon dola nan fon sila pral desèvi moun ki nan sitiyasyon ijans yo selon sa yo rapòte.

ONG a fè konnen yo pa kapab rete bwa kwaze ap gade timoun yo Ayiti k ap viktim pa kriz ayisyèn nan ki genyen gwo difikilte pou ale lekòl.

N ap siyale rantre klas yo ki te dwe fèt 3 oktòb 2022 a pat rive fèt akoz gwo manifestasyon popilasyon an ap fè pou mande gouvènman Ariel Henry a rache mayòk li poutèt li pa kapab rezoud kriz peyi a ap fè fas yo.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....