Anpil dispozitif koumanse pran pou konbat remonte kolera nan peyi Dayiti.

Depi aprè anons premye ka kolera pa Minis sante piblik ak popilasyon(MSPP) dimanch 2 oktbò 2022 a anpil gwo dispozisyon koumanse pran pou konbat maladi ki pote pa viris vibriyon kolere a. Yon bò òganizasyon mondyal sante (OMS) nan tèt kole ak Òganizasyon panamerikèn sante konte bay plizyè tòn medikaman, ak yon seri vaksen moun ki enfekte yo ka vale daprè sa pòt pawòl OMS la Christian Lindmeier fè konnen nan yon pwen de près li bay nan vil Genève peyi la suisse madi 4 oktòb 2022 a.

Yon lòt bò Òganizasyon medsen san frontyè (MSF) bò kote pal rapòte, yo gen tan konte 8 moun anviwon ki mouri ak kolera e bay swen a anviwon 68 moun ki gen tan trape maladi a nan zòn Brooklyn, Cité Soleil epi Turgeau. Toutfwa, yo la men se pa pou anpil tan paske demand yo gentan twòp epi espas pou lonje malad yo gentan rive nan bout yo.

Ministè sante piblik ak popilasyon raple tout moun pou yo toujou respekte règ ijyèn yo epi toujou bwè dlo trete.

Maladi a retounen nan movè lè kote peyi a ap fè fas ak fenomèn lòk sa ki rann deplasman yo limite depi plizyè senmèn, a kòz barikad ki gaye pasi pala. Yon popilasyon ki limite nan deplasman li, ki pa ka jwenn aksè ak sèvis ki pi piti yo rive ap fè fas ak gwo maladi sa. Èske pa riske pou tonbe nan yon ekatonb?

Réginal LOUIS, Centre à la Une!

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841