Aprè peyi Larisi te anvayi Ikrèn nan mwa fevriye 2022 a, Loksidan, Ewopeyen, OTAN (Organisation du Traité de l’Athlétique Nord) te tonbe dakò pou sanksyone Kremlen. Nan yon atik VOA Kreyòl pibliye lendi 3 oktòb 2022 a, kèk espè fè konnen anpil peyi nan kontinan Ewòp la ka gen pwoblèm elektrisite, sa ki pral koze difikilte nan sezon fredi ki pral antre a. Telefòn yo kapab pèdi siyal, k ap rabese oubyen bloke konsiderableman aksesibilite yo a kominikasyon.

Nan domèn Gewopolitik ki se yon demach syantifik ki etidye enplikasyon politik la nan yon dimansyon jewografik, anpil gran gewopolitològ kwè e pataje : yon peyi sipè pisans pa ka viv nan yon sèk fèmen (an vaz klo), fòk li etann zèl li nan tout kwen sou latè, nan objektif pou pèmèt Leta peyi sa a menm rive pretann li gen kontwòl (mond lan nan pla men l), sa ki pral ba li aksè ak yon politik entènasyonal ekstrèmeman fò, kit li te yon peyi lagoch kit li te ladwat.

Pou chache domine mond lan, peyi yo rele sipè pisans yo kreye yon ansanm òganizasyon nan prèske tout peyi sou latè, youn ladan yo se OTAN ki gen jodi a 30 peyi, kreye nan nan dat avril 1949 nan objektif pou òganize sekirite ak defans epi garanti libète kontinan Ewopeyen an. Se konsa, yo envite anpil lòt peyi sitou Ewopeyen pou vini manm òganizasyon sa a. Aprè Ikrèn te vle entegre, prezidan Ris la Vladimir Poutine twouve se yon menas entegrasyon an ap ye pou sekirite peyi li a ofisyezman, men ofisyèlman li fè konnen entegrasyon an p ap ka fèt, paske Larisi ak Ikrèn se yon sèl peyi a yo ye, etranje pa gen dwa pou mande Ikrèn ki se teritwa pwolonje Larisi antre nan OTAN. Anplis, fontyè ki gen ant 2 peyi yo, se yon bagay vityèl, li pa reyèl vre.

Pou anpeche sa, Larisi anvayi Ikrèn 24 fevriye 2022 a. Kòm repons pwopòsyonèl, non sèlman Loksidan akonpaye Ikrèn ekonomikman, men tou yo antann yo e mete anpil sanksyon sou peyi Larisi, pa egzanp, kanpe relasyon komèsyal, entèdi Larisi patisipe nan koup dimond ki pral fèt nan peyi Kata nan mwa novanm 2022 a, sezi byen anpil envestisè Ris nan peyi yo…

Pa rapò ak gaz peyi Larisi konn vann Loksidan, men echanj yo vin kanpe tousuit aprè sanksyon yo, se ak anpil etónman atik la soti, wi, gen posiblite pou Lewòp gen anpil pwoblèm nan domèn elektrisite ak kominikasyon entènèt, paske pwoblèm gaz la pral touche yo trè fò nan peryòd fredi a k ap repwoche a gran pa. N ap note, kèk peyi tankou Lafrans, Almay ak Syèd ap asire yo pou sistèm kominikasyon pa yo a kontinye fonksyone nan ka kriz la ta rive sou yo jan sa prevwa a.

Si aprè mwenske 8 mwa gwo pwoblèm mank elektrisite sa a deja pouse ewopeyen yo kòmanse planifye pou dekonekte plizyè rezo telefòn mobil akòz pwoblèm gaz, imajine konbyen tan ankò peyi sa yo ap ka kenbe, lè nou teni kont de gè Risi-Ikrèn sa a ki sanse pa ko ap pran fen. Fè yon kout pye nan sivilizasyon ewopeyèn nan ki toujou kalifye kòm pi gwo, pi bon, pi laj, pi bèl pami tout lòt sivilizasyon gen sou latè, èske Larisi pou kont li ta ka moutre Lewòp pa vrèman sa yo toujou enpoze lòt pèp yo menm ankò toujou kalifye de (barbare) yo ?

Serondier LOUISIA, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841