2 jounalis viktim nan mitan mwa oktòb 2022 a Ayiti

Yo rive jwenn kò Jounalis Tess Garry lendi 24 oktòb 2022 a, ki t ap travay pou radio Lebon FM nan vil Okay. Fanmi Jounalis la fè konnen li te kite kay li depi 18 oktòb 2022, dipi lè sa li pat janm rantre. Se CG Ronald Richemond ki konfime yo jwenn kadav la. Yo dekouvri kadav la ak je li pete, yo koupe grenn li, anba kou l koupe. Se anba yon bon nan 4yèm seksyon yo dekouvri kadav la.

Jounalis la te genyen yon emisyon li te konn prezante ki rele ‘GRAN LAKOU» nan vil Okay. Li te toujou trè kritik anvè otorite yo nan vil la selon sa kolaboratè li yo rapòte. Yo fè konnen tou li te toujou ap denonse menas l ap sibi anba men kèk otorite tankou: Delege ak komisè gouvènman nan Okay.

Selon premye eleman enfòmasyon yo, jounalis la te genyen randevou pou li te al kote yon moun nan jou a. Chofè ki te akonpayel la rapòte jounalis la te resevwa yon apèl telefòn sou wout la.

Nan menm jounen madi 25 oktòb sila Jounalis Roberson Alphonse sove de jistès anba yon tantativ asasina, byen bonè madi 25 oktòb 2022 a, pandan l pral fè emisyon nan radyo Magic 9. Sa pase nan zòn Dèlma 40B nan Pòtoprens. Selon Frantz Duval, jounalis la ap pran swen lopital aprè machin ni resevwa plizyè bal.

Anbasad Amerikèn an Ayiti fè yon tweet nan menm dat la pou kondane zak asasinay Garry a an menm tan tou kondane atak ki fèt sou Roberson nan. Plizyè asosiyasyon media ak jounalis plis òganizasyon dwa moun yo nan peyi a ale nan menm sans lan pou kondane zak sa yo. Nou ka site: AJIH, RNDDH, FJKL…..

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....