Anviwon 15 moun arete epi lapolis sezi yon kantite machandiz nan aprè yon group dechoukè te atake yon biznis nan Okap

Nan manifestasyon pati politik pitit Dessalines reyalize nan Okap Depatman Nò Ayiti mèkredi 5 oktòb 2022 a, te fini ak yon sèn piyaj nan yon magazen ki vann pwodwi alimantè ki twouvel nan seksyon kominal « petite Ansse », lokalite « Madeline »e la polis anonse arestasyon yon 15 zèn de moun.

Yon group nan manifestan yo ki te mache ak zam blanch epi gagoul rantre nan magazen ki vann pwodwi alimantè ki nan lokalite « Medeline » seksyon kominal  » Petite Anse » epi pote ale anpil pwodwi, ta pral jwenn repons rapid fòs lòd yo ki te tire anpil gaz lakrimojèn pou reprann kontwòl sitiyasyon an anplis, limite dega yo.

Selon pòt pawòl polis Nò a enspektè Arold Jean, lapolis arete anviwon 15 moun epi rekipere 8 sak sik, 3 sak diri, plizyè kès lwil, 1 rach, 1 manchèt ak plizyè telefòn

N ap siyale se 4yèm antrepriz nan Kap Ayisyen ki sibi zak piyaj depi seri mouvman protestasyon ki deklache pou mande Ariel Henry rache manyòk li nan tèt peyi Dayiti.

Kredi: NAP

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841