Bank Entèramerikèn Devlopman (BID) fè yon don 60 milyon dola vèt a Ayiti pou ede moun ki plis vilnerab yo nan bay swen sante ak ede nan ensekirite alimantè. Se nan dat 11 oktòb 2022 a BID rive rann piblik kominike sila. Yon dekesman k ap genyen pou li fèt sou yon dire 3 lane e se Fon Asistans Ekonomik ak sosyal (FAES) k ap genyen pou jere lajan sila.
Selon sa ki ekri nan kominike a, genyen yon pati nan lajan an ki dwe ale jwenn dirèkteman moun ki nan zòn ki plis vilnerab yo, ede migran lòt peyi voye tounen Ayiti yo, akonpaye moun gang fè kouri kite zòn yo, amelyore kondisyon sanitè moun ki pi fèb yo, finalman amelyore sistèm enfòmasyon ministè afè sosyal ak travay.
Apati janvye 2023, genyen 52 mil fanmi ki pral touche dirèkteman pa pwogram sa a nan yon anvlòp 40 milyon dola vèt k ap disponib pou ede nan koze ensekirite alimantè. Ti tchotcho sila dwe rive jwenn moun ki nan zòn ki plis defavorize yo, pou yo ka genyen ti monen nan men yo pou jere koze lamanjay yo. 13 milyon pral jwenn moun k ap soufri nan zòn vilnerab yo e 5.5 milyon prale pou koze swen moun gang fè kouri kite kay yo plis sila yo peyi etranje voye retounen Ayiti suivan kominike BID la.
Selon CNSA ki soti mwa septanm 2022 pou rive mwa fevriye 2023, yo estime ap genyen 19 200 moun k ap glise tonbe nan piba nivo povrete a an Ayiti. Pandan 48% popilasyon an ap naje li menm nan povrete ekstrèm.
Pwogram sila ap gen enpòtans li pou yon bon pati nan popilasyon Ayisyèn nan ki, chak jou plis, ap konnen de moman pi difisil fas ak sitiyasyon sosyo-ekonomik peyi a. Paralèlman, li toujou pote plis avantaj lè yon peyi ede yon lòt avèk pwojè dirab, tankou envesti nan agrikilti, pwodiksyon nasyonal, elvaj, lapèch elatriye.