Nan yon nòt direksyon Ofis Nasyonal Vyeyès la (ONA) mete deyò jedi 17 oktòb 2022 a pou mande tout anplwaye enstitisyon an pou remèt administrasyon ONA kazye Jidisyè yo ke yo dwe ale fè nan Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ). Desizyon sa vini aprè lapolis mete anba kòd divès anplwaye ONA ki nan trafik minisyon ak lòt zak malonèt.

Nan nòt sila ki date 17 novanm 2022 a, direksyon jeneral ONA akòde 90 jou swa 3 mwa pou anplwaye li yo soumèt kazye Jidisyè yo.

PIBLISITE PEYE

Toujou selon nòt sa tout anplwaye ki fè tèt rèd ki pa remèt kazye Jidisyè yo a nan dat 3 mwa yo bay la ap tonbe anba sanksyon administratif yo.

Desizyon sila vini suit ak arestasyon Eddy Badio, yon anplwaye ONA polis nasyonal Ayiti arete nan Dèlma-19 mèkredi 16 novanm 2022 poutèt l ap alimante gang vilaj de Dye ak Matisan zam ak minisyon.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841