Nan okazyon jounen entènasyonal kont vyolans k ap fèt sou fanm ak ti fi ayè vandredi 25 novanm 2022 a, SOCVI ki se « Solidarité des organisations contre violence » nan tèt kole FECOLOL, te òganize yon jounen fòmasyon nan komin Laskawobas, zòn Gitoz Gaden ak plizyè manb e responsab oganizasyon tankou : MOVACAF, CLAD, Men nan Men, KOLOLA… anba tèm : Lite ansanm pou konbat vyolans k ap fèt sou fanm ak ti fi.

Yon lòt kote, Mesye Janel Delpe ki se Avoka militan dwa moun, ki te entèvenan nan kad jounen refleksyon sila, fè konnen se tout kouch nan sosyete a ki pou pote kole pou konbat tout fòm vyolans k ap fèt sou fanm, e òganizasyon yo dwe kontinye mobilize fanm yo, nan objektif pou yo pote plent lè yo sibi zak vyolans.

PIBLISITE PEYE

Bò kote pa l, kòdonatè depatmantal SOCVI a ki se Petit vil Princira, bò kote pa l fè konnen yo pa selman fè fòmasyon pou medam yo, men yo ede yo tou sou plan ekonomik, pou pèmèt yo agrandi biznis yo, e deja genyen plis pase 30 fanm ki jwenn yon prè pou agrandi biznis yo.

Wisnic Rondeau, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841