Òganizasyon timoun kretyen ayisyen yo nan peyi dayiti (OECH) pa vwa prezidan òganizasyon an, Reveran Pastè Abcèste Daceus nan kad yon rankont ak laprès maten lendi 28 Novanm 2022 kritike fason gouvèman Luis abinader ap maltre Ayisyen yo an Repiblik Dominikèn.

Pastè a montre gwo preyokipasyon li dil genyen pou fason otorite dominikèn yo ap depòte ayisyen yo si tou timoun piti yo pou vin mete yo sou fontyè ayisyen an. Prezidan OECH la pastè Abcèste Daceus kritike prezidan dominiken an Luis Abinader ki daprè li pa respekte dwa konpatriyòt ayisyen yo. Li kwè se yon vyolasyon grav atik 3 akò kite siyen nan lane 1989 ant pèp ayisyen ak pèp dominiken an k ap viv sou zile ispanyola .li fè konnen, depòtasyon sila pa kadre ak okenn nòm epi pwensip malgre entèvansyon wo komisarya Nasyon zini an prezidan peyi sendoming lan pa tande larezon kotel deja depòte 4 mil Timoun.

Prezidan OECH la Reveran Pastè Abcèste Dacéus kritike tou responsab yo nan peyi Etazini ki depòte 190 timoun kite ak paran yo ki t ap tante rantre nan peyi Etazini sou yon bato avwal san papye akoz peyi a pa ofri yo anyen.

Pou fini, nimewo en òganizasyon timoun kretyen ayisyen yo nan peyi dayiti Reveran Pastè Abcèste Dacéus salye demisyon direktris depatmantal anviwonman nan depatman Nòdès la madam wedeline Pierre akoz otorite yo nan peyi dayiti ki pran desizyon pou relouvri fontyè 2 peyi yo. Responsab OECH la dil felisite desizyon an ki daprè li desizyon sila montre aklè peyi Ayiti gen moun ladanl toujou ki pa mare ak pòs .

Nap fè konnen, Premye Minis Defakto Ariel Henry ak tout manm gouvènman an pa di anyen sou mizè konpatriyòt ayisyen yo espesyalman Timoun yo ap pase anba men divès nasyon ki ap depòte yo.

Israël CEDIEU Gonayiv, Centre a la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841