Antèn Natcom ak digicel, se 2 moniman, konpayi sa yo plase sou tèt mòn plezi nan Savanèt men ki pa la pou ede kominote a vrèman nan koze kominikasyon.

Pran lajan sou telefòn izaje yo san yo pa ko épuize l pa sifi pou konpayi digicel ak Natcom nan Savanèt.
Depi kèk mwa, konpayi Natcom deside koupe rezo sou komin Savanèt depi l fè 9vè nan aswè pou jiska 9vè nan maten… Pandan tout nuit lan, popilasyon an rete san sèvis sou telefòn yo. Si ta gen yon ijans, si se ta yon apèl telefòn ki pou ta sove w, ou deja ale nan peyi san chapo.
Non sèlman sa, depi genyen move tan( nò) si solèy pata leve, pa gen rezo tou Savanèt paske se sou sistèm solè relè ki Savanèt lan fonksyone plis. Yon dèlko ki la kòm bakòp, sanble pa souvan gen gaz ladanl.
Sepan, plis ke 75% moun Savanèt se sou konpayi Natcom yo branche alòske se sèvis konpayi saa ki pi mal.
Imajine kantite pèt itilizatè konpayi sa yo fè chak jou, lè yo fè yon plan entènèt ak apèl k ap dire jiska minuit.
Souvan kalite rezo a pa bon menm pou apèl, entènèt menm se je pete klere…. Si konpayi yo di yo bay entènèt 4 je, konnen se kat je pete.
Souvan, plan fin fèt, li rete gaspiye puiske pa gen rezo pou kominike.

Konbyen elèv lekòl ak etidyan nan inivèsite ki pa gen chans fè devwa yo puiske gen devwa rechèch yo ye?
Konbyen pwofesè ki gen difikilte le swa pou prepare kou pou anseye puiske, entènèt lan se yon bibliyotèk ki pi aksesib pou konsilte?
Konbyen medya, journalis ki pa rive ajou ak enfòmasyon y ap pataje, puiske yo pa jwenn rezo pou pataje enfòmasyon yo?

E moun nan kominote Savanèt, ki gen fanmiy yo ki ap viv nan lòt peyi, ki ta renmen konnen nouvèl mari, madanm, pitit papa, manman oubyen yon manm pwòch yo?

Si nan domèn kominikasyon, konpayi Natcom ak digicel pa bay bon pèfòmans nan komin Savanèt, nan sa ki gen pou wè ak envestisman, konpayi telefoni mobil sa yo pa make pasaj yo ditou nan komin Savanèt. Apa premye seksyon kolonbye, komin Savanèt, ki benefisye konstriksyon yon lekòl,
Pa gen okenn lòt aktivite ke konpayi sa yo òganize nan komin lan. Ni sou plan enfrastrikti, ni nan domèn kiltirèl.
Èske se demand yo pa jwenn si soti bò kote enstitisyon ak gwoup sosyal ki nan komin lan?
Eske se volonte ki pa manifeste bò kote konpayi sa yo?

Antouka, nan mond nap viv jodi a, kominikasyon se yon zouti ke enkontounab pou fonksyone. Aksè ak kominikasyon pa dwe yo liks ankò.

Konpayi sa yo plase Antèn yo nan yon zòn estratejik pou Savanèt. Se sou yon tèt mòn ki domine vil lan, ke Yon òganizasyon jèn ki pote nom SOLIDARITE JÈN POU DEVLOPMAN SAVANÈT (SOJEDES) te pran tan kòmanse rebwaze tèt mòn saa, ki te dww vin yon espas touristik. Sepandan, konpayi sila sèlman eksplwate espas lan san yo pa ni kontinye travay òganizasyon an te kòmanse a, ni akonpaye òganizasyon saa pou kontinye pwosesis rebwazman nan tèt mòn saa.

Si gen rezo telefoni mobil Savanèt, konnen se pa tout komin lan ki gen kouvèti telefoni. Gen divès zòn nan Savanèt , se nan difikilte pou abitan yo jwenn rezo pou kominike. Se ka pou moun nan lokalite Lagwas, dezyèm seksyon kominal layay, dopak, grangranfon, layay poun site sa yo sèlman.

Eske leta ayisyen pa mwayen ògàn KONATEL pa fè ankèt pou konnen si kalite sèvis konpayi telefoni mobil yo ofri popilasyon an de kalite?
Èske tou pa gen yon enstans ki la pou panche sou ka kliyantèl lan lè yo pote plent pou move kalite sèvis ak fason konpayi sa yo ap fin dechèpiye yo?
Pou konbyen tan moun komin Savanèt ap sispann moute maswife anba grif konpayi telefòn yo ki pa respekte dwa itilizatè yo?

Florince Fragile, centre à la UNE, Savanèt

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841