Pandan mwa oktòb la, yo te touye plizyè jounalis, gen lòt se tantativ asasina yo viktim.Anbasad Espay mande otorite yo pou yo fè limyè sou ka sa yo kote travayè laprès yo ap viktim pasi pala. 2 novanm 2022 a, Nan yon mesaj ki poste sou kont twitter li, Anbasad Espayòl la sou site janjak Desalin nan kondane atak sou divès jounalis ayisyen ki viktim .

Li site dosye Tess Garry, ki te asasinen nan Sid, Romelson Vilsaint nan Delmas, wikenn ki sot pase a ak tantativ asasina sou jounalis Robeserson Alphonse.Li mande otorite ayisyen yo bay yon klarifikasyon jidisyè sou dosye sa yo.

Anbasad Espay la nan peyi fè demann sa a Mèkredi 2 Novanm 2022 a, jounen entènasyonal kont krim yo komèt sou travayè lapres yo .

Cenes JOSEPH, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841