Nan yon arete ki soti nan jounal «Le Moniteur» vandredi 11 novanm 2022 a, premye minis Ayiti a, Ariel Henry revoke minis enteryè ak kolektivite tèritoryal yo, Lizst Quitel ak Minis jistis ak sekirite piblik la, mèt Berto Dorcé. Menm arete sila nome aktyèl Premye Minis la, Dr Ariel Henry kòm nouvo minis enteryè, epi minis kilti ak kominikasyon an, Emmelie prophete kòm minis jistis. Tou 2 moun sa yo kenbe tèt ministè yo pou yon ti bout tan, selon sa ki mansyone nan arete a.

Aprè konsèy sekirite Nasyonzini an vote rezolisyon ki genyen mezi pou sanksyone gang ak sipòte yo, peyi Etazini te fè konnen yo genyen yon lis moun yo deja koupe viza yo, kote chaje dafè USA Eric Stromayer te konfime genyen Minis nan gouvènman Ariel Henry a ki nan lis sa. Alòske de (2) Minis sila yo gouvènman resi revoke sou presyon kominote entènasyonal la te deja genyen non yo site nan zak sal nan peyi Ayiti. Se ka Minis Jistis ak sekirite piblik la Mèt Berto Dorcé nonl te site nan dwòg ak Minis Enteryè a, Litz Quitel ke non li site nan kidnaping.

PIBLISITE PEYE

Aprè Minis jistis la Mèt Berto Dorcé te fin pran desizyon pou transfere yon anplaye Ministè a ki se Levelt Milord ki te Direktè afè jidisyè (DAJ) e Minis Dorcé te retrograde li kòm chaje Misyon lekòl Majistrati. Anplwaye sa te mete toutouni Minis jistis la li di ki nan voksal nan yon lèt byen long li te ekri li 14 janvye 2022 a. Levelt te profite raple Minis lan ke li te pran prizon deja bou blanchiman lajan ak dròg nan lane 1997.

Pilwen nan yon atik jou atik jounal Ameriken «The New York Times te pibliye 12 desanm 2021 an, yo revele Minis jistis la la Berto Dorcé te enplike rakou nan dosye bato dròg ki te pote mil san (1100 ) kilogram dròg.

PIBLISITE PEYE

Pou Minis enterè ak kolektivite tèritoryal la, Listz Quitel, Rezo òganizasyon k ap defann dwa moun yo Ayiti ( RNDDH) te ekri nan dat 21 oktòb 2021 Direksyon Santral polis Jidisyè ( DCPJ) pou enfòme yo ke Minis Quitel genyen non li site nan kidnaping pastè Jean Ferret Michel ki te akonpaye ak Isabelle Devendegis, Norman Veinier nan zòn Dèlma 24 tou prè legliz «Jesus Center» ke moun ki te genyen inifòm UDMO yon kò nan polis nasyonal Ayiti a te anlve 3 oktòb 2021 an kote fanmi an te bay yon vèsman 300 mil dola ameriken nan dat RNDDH te ekri DCPJ a. Selon rapò RNDDH, yo revele kidnaping pastè a te fèt sou lòd Minis Listz Quitel paske pastè Jean Ferret Michel ta genyen relasyon amourèz ak madanm Minis lan ki se Barbara Quitel alyas Barbie.

Malgre te genyen tout akizasyon sila yo sou 2 minis sa yo kote anpil vwa nan popilasyon an te leve pou denonse yo gouvènman Ariel Henry a pat janm deside di yon mo. Minis yo tou pat janm prezante lèt demisyon yo jiskaske peyi Etazini te deside koupe viza yo e fè presyon sou gouvèman an pou jete yo.

Alòske Minis Jistis ak Sekirite Piblik Ayiti a, Mèt Berto Dorcé ki te deja konnen li pral revoke, ebyen 3 jou avan revokzsyon ofisyè li, li te prese mete sou poz Komisè Gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Jacques Lafontant vandredi 11 novanm 2022 a pou kòripsyon e tou mete komisè gouvèman Okay la Mèt Ronald Richemond nan pòs la. Pandan li te presize ke se sou lòd Premye Minis Ariel Henry li aji. Minis Dorcé ki t ap dirije MJSP la avanse divès rezon sila yo pou jistifye poz komisè Gouvènma Pòtoprens lan Mèt Jacques Lafontant : zak koripsyon, dwèt long, detounman lajan ak abi pouvwa, selon sa ki ekri nan yon korespondans ki adrese a komisè a.

Selon plizyè sous fyab jounal Centre à la UNE genyen pou pipiti 5 minis nan gouvènman an peyi Etazini koupe viza yo pou voksal. Aprè 2 minis ki deja revoke yo, rete: Ricard Pierre, Enold Joseph ak Charlot Brédit san konte Premye Minis la menm Ariel Henry ki genyen non li site tou nan asasina ansyen Prezidan Jovenel Moïse. Pandan tan sa, peyi Etazini kontinye ap fè presyon pou revoke lòt 3 Minis viza koupe yo, pou rive konplete lis 5 Minis gouvèman an blan meriken koupe viza yo.

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....