Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè Ayiti (CSPJ), atravè prezidan Jean-Joseph LEBRUN, pibliye lendi 16 janvye 2023 a lis 31 Majistra ki sètifye yo sou yon total 69 dosye yo te trete. Genyen 28 manjista ki pa sètifye pami dosye konsèy la te resevwa.

Men premye lis Jij ki pa sètifye selon Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a pou imoralite, koripsyon, mank nivo akademik ak lòt zak malonèt.

1- Roosevens Massenat DESMORNES, Jij sipleyan nan tribinal de Pè Gresye.

2- Ruth LEREAUX, Jij sipleyan nan tribinal de pè Gresye

3- Jean Michel FORTUNE, Jij sipleyan nan tribinal de pè Lilavach

4- Blondel PETIT-FRÈRE, Jij sipleyan nan tribinal de pè Gonayiv (seksyon Nò)

5- Lyonel JEAN, Jij titilè tribinal de pè Vèrèt

6- Legroise AVRIL, Jij e Jij enstwiksyon tribinal premye enstans Pòtoprens

7- Pierre Michel DENIS, Jij e Jij enstwiksyon Tribinal Premye Enstans Gonayiv

8- Fredd’Herck LENY, Jij e Jij enstwiksyon Tribinal Premye Enstans Pòtoprens

9- Amos BERNADIN, Jij de syèj Tribinal Premye Enstans Okap

10- Jean Osner PETIT-PAPA, Jij e Jij enstwiksyon Tribinal Premye Enstans Pòtoprens

11- James ROBERT, Jij e Jij enstwiksyon Tribinal Premye Enstans Okap

12- Michel William DESTINÉ, Jij e Jij enstwiksyon Tribinal Premye Enstans Okay

13- Ramoncite ACCIMÉ, Jij e Jij enstwiksyon Tribinal Premye Enstans Pòtoprens

14- Maximin PIERRE, Jij e Jij enstwiksyon Tribinal Premye Enstans Pòtoprens

15- Garry ORÉLIEN, Jij e Jij enstwiksyon Tribinal Premye Enstans Pòtoprens Pòtoprens

16- Immacula B. JEANNIS, Jij e Jij tribinal premye enstans Jakmèl

17- Merlyn TOUSSAINT, Jij titilè tribinal de pè Jakmèl

18- Magistrat Elic LOUIS-JACQUES, Jij a.i nan tribinal de pè Wanamèt

19- David SAINT-LUC, Jij sipleyan nan tribinal de pè Vale de Jakmèl

20- Bredy FABIEN, Jij e Jij enstwiksyon Tribinal Premye Enstans Pòtoprens Pòtoprens

21- Lucien GEORGES, Jij de syèj Tribinal Premye Enstans Pòtoprens

22- Hevince ELTIMARD, sibtiti komisè Gouvènman prè koudapèl Pòtoprens

23- Yvelt PETIT-BLANC, Jij e Jij enstwiksyon Tribinal Premye Enstans Kwadèboukè

24- Roosevelt ZAMOR, komisè Gouvènman Gouvernement prè tribinal premye enstans Kwadèboukè

25- Yvon JEAN-NOËL, Sibtiti komisè Gouvènman prè lakou dapèl Pòtoprens

26- Gesma Lucanes SULLY, Jij de syèj nan Tribunal premye enstans Pòtoprens

27- Ikenson EDUMÉ, Jij e Jij enstwiksyon Tribinal Premye Enstans Pòtoprens

28- Jacques LAFONTANT, komisè Gouvènman prè tribinal premye enstans Pòtoprens

26 Jij sa yo ki nan move zak pa sètifye pou mank moralite ak koripsyon selon CSPJ poutan, 2 Jij sa yo: Merlyn TOUSSAINT ak Yvelt PETIT-BLANC pa sètifye pou manke nivo akademik ak pou kòkòday ak kriminèl.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841