Nan yon nòt pou laprès ki pibliye madi 17 janvye 2023 a, Fondasyon Je Klere (FJKL) di li pran nòt de piblikasyon Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè (CSPJ) a, ki mansyone yon lis Majistra ki pa sètifye aprè yo te fin etidye dosye yo. Paralèlman, Fondasyon an mande pou yo sezi tout byen Majistra kòwonpi sa yo, sezi paspò yo, e sitou anpeche yo pati kite Ayiti.

Tou swit aprè Konsèy Siperyè Pouvwa Jidisyè a an Ayiti fin etidye dosye 69 jij Ayisyen, sètifye 31 ladan yo epi di rès 28 la pa diy pou kontinye fonksyone, divès enstitisyon ak sitwayen Ayisyen bat bravo lakontantman pou yon si bèl desizyon.

Pi lwen, responsab FJKL yo mande pou tout Jij kòwonpi sa yo sanksyone, lè yo sezi tout byen yo, sezi paspò yo, anpeche yo vwayaje.

N ap raple, pami 26 Majistra yo, rapò CSPJ a di genyen 2 ladan yo ki sanksyone paske yo te bay manti sou etid yo te di yo fè, men se pa vre.

Anpil manm nan popilasyon Ayisyèn nan pa sispann mande pou Konsèy la kontinye sou menm lanse a, e analize dosye tout rès Majistra ki nan 4 kwen peyi Ayiti epi kontinye aji avèk ekite, enpasyalite, san okenn patipri.

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841