Yon jou aprè piblikasyon arete ki pibliye nan jounal ofisyèl peyi a «Le moniteur» madi 17 Janvye 2023 a, komite depatmantal konsansis nasyonal pou yon tranzisyon enklizif la nan platosantral bat bravo kontantman pou piblikasyon non 3 pèsonalite ki fè pati HCT a nan yon nòt yo rann piblik mèkredi 18 janvye 2023 a.

Nòt la pati konsa:

Komite depatmantal konsansis nasyonal pou yon gouvèman enklizif la nan Plato Santral ak plizyè òganizasyon nan sosyete sivil la nan depatman an, salye laprès pale, an liy, ekri ak televize pou travay y ap fè nan kenbe popilasyon enfòme sou tout sa kap fèt.

Komite depatmantal Sant lan pwofite salye epi felisite 3 pèsonaj sa yo kise:
Mesye Laurent SAINT CYR,
Mesye Calixte FLEURIDOR,
Madam Mirlande HYPPOLITE MANIGAT kòm manb ofisyèl HCT a, ki aksepte Ofri tèt yo nan moman difisil sa a pou soti peyi an nan kriz l ap travèse jounen jodi a ki vle fini ak peyi a.

3 pèsonaj sa yo, se 3 pèsonaj ki jwi bon repitasyon nan domèn yo chak ap fonksyone. 3 pèsonaj ki pa patisipe nan kreye dezespwa ak lawont nan peyi a.

N ap mande popilasyon Plato santral la pou yo pote solidarite yo ak tout desizyon k ap bon pou peyi a paske nou dwe pwofite de moman sa pou n relanse peyi e pou n repoze kondisyon pou n bati Leta a.

Ann kole zepòl ak akò 21 desanm la pou Ayiti ka dekole.

Moun ki siyen nòt sila se:

1-Me MAKENTZ SIGUE, Av
2- Édouard Ambroise, Économiste
3-DORISCA ALDAGO, Ing/Agr
4-Me OSNIC PETIT-MAY, Av
5-MINOUCHE J. POULARD, Gest.
6-Me CLAUDY JEAN, Juriste
7-LANDIE ANDRÉ, Infirmière

N ap siyale, anpil deba pa sispann nan plizyè kwen nan Plato Santral sou Komite Nasyonal Konsansis pou Tranzisyon Enklizif la.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841