Alex Amstrong Dumornay, ansyen polisye 26èm pwomosyon ki te transfòme an tèt li an chèf gang mòtèlman blese nan boukante kout bal ak lapolis nan aswè mèkredi 18 janvye 2023 a. Chèf gang sila tap feraye nan yon lokalite ki rele Bristou, komin Petion-ville Ayiti. Prezime gang sila gen divès akizasyon sou do li selon polis nasyonal Ayiti.

Lapolis mete dèy lakay fanmi ak zami chèf gang Alex Amstrong Dumornay, yon ansyen polisye ki te fè pati 26èm promosyon ki te rankontre bab pou bab ak yon patwouy polis sou wout Frè a, nan Komin Pétion-Ville, pandan yon operasyon lapolis t ap mennen nan zòn nan.

Plizyè foto ansye polisye a ap fè laviwonn sou rezo sosyal yo, kote l ap benyen nan san li.

Malgre gwo efó lapolis ap fè nan denye jou sa yo sa pa anpeche gang kontinye ap feraye nan divès kwen nan peyi a, plizyè pasaje ki tap soti santodomingo viktim anba men bandi nan kwadèboukè menm mekredi 18 janvye 2023 a. Kapital la paralize nan tout rantre yo.
Lè nou konsidere kantite pwodwi ki fin gate akoz bandi yo ki p ap chome.

Cenes Joseph, Centre à la UNE

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841