Gouvènman prezidan brezilyen an, Luiz Inacio Lula da Silva, revoke 13 sòlda ki te fè pati kò sekirite li, kèk jou apre yon revòlt anti-gouvènmantal kote yo sakaje plizyè entitisyon nan kapital la. Lula lonje dwèt li sou predesesè li Jair Bolsonaro.

Yon avi ki te soti nan jounal ofisyèl la te di ke 13 moun ki te fè pati twoup ki tache ak prezidans la te jwenn revokasyon yo.

Nan kòmansman semèn nan otorite yo te retire 40 lòt sòlda ki te atache palè prezidansyèl la nan Alvorada, kote prezidan Brezil yo rete.

Jis kèk jou apre atak la sou palè prezidansyèl la, Tribinal Siprèm ak Kongrè a pa patizan ansyen prezidan Bolsonaro, Lula te di ke moun kap revòlte yo te gendwa te jwenn èd anndan e li te fe allusion ak patisipasyon fòs sekirite yo.

Li te bay lòd pou te gen yon bon jan revizyon nan pèsonèl la e li di ke li « konvenki ke pòt la nan palè Planalto (prezidansyèl) te rete louvri pou manifestan yo te ka antre paske pa gen okenn pòt ki kase. »

Lula, 77 an, te bat Bolsonaro pa yon maj ki trè-mens nan eleksyon prezidansyèl Oktòb 2022 a.

VOA

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841