Jounalis trè koni Nancy Roc denonse piblikman anpil menas l ap sibi anba men divès patizan ansyen PM Claude Joseph, ki di li vle touye Claude, aprè li fin site yon antrevi sosyològ Frederic Boisrond nan peyi Kanada. Jiska samdi Claude pa t ko janm reyaji sou sa. Madam Rock fè piblikasyon sila 21 janvye 2023 a.

Anpil atak sa yo pral sòti divès rakwen bò kote patizan reprezante Pati EDE a, se tou swit aprè Madam Roc pataje yon twit ki kapab rezime entèvyou Frederic Boisrond an, ki te site non Claude peyi Lèzetazini ak Kanada pa sanksyone, aprè Repiblik Dominikèn.

Sikològ  Frederic Boisrond an te pale konsa nan yon pati nan diskou li: *«Etazini pa t swiv. Kanada pa yon bon elèv tou, paske Repiblik Dominikèn te sanksyone ansyen PM Claude Joseph, men Kanada pa t sanksyone l, donk gen yon pwoblèm koyerans ant tout aktè sa yo. Se poutèt sa, li yon ti kras difisil pou nou konprann ki kote nou prale. Kanada ta dwe pi konsistan nan sanksyon li yo”.*

Pi lwen, Jounalis Nancy fè *Centre à la UNE* konnen se pa inikman Claude patizan yo di vle touye a, anpil ladan yo di ouvètman li menm, Frederic Boisrond ak moun ki te fè karikati a, Castro Desroches te nan fè konplo pou touye ansyen prezidan peyi Ayiti a Jovenel Moïse.

Yon lòt bò, san di anyen sou atak jounalis la di l ap resevwa yo, Claude Joseph te sèlman reponn sikològ Boisrond nan mo sa yo *:» Frederic sa a se yon moun yo achte, yon trèt, yon kowonpi… R. Dominikèn pa t sanksyone m. Ki dwa li ta genyen pou l oze fè sa? Rasis Dominiken an te deklare mwen «Persona Non Grata» tou senpleman, paske mwen se yon pitit gason Ayiti 🇭🇹. Mwen pa rete ak moun, tankou nou.»*

N ap note, Nancy Roc se yon jounalis kanadyèn ki gen orijin li Ayiti. Li fèt Pòtoprens. Li se otè twa liv, li se youn nan figi anblematik nan laprès Ayisyèn nan. Li te kòmanse karyè li an 1986 an Ayiti, li se premye ayisyèn ki se korespondan CNN World Report ak NBC News an Ayiti, li resevwa divès pri onè ak merit…

Finalman, kèk lòt sitwayen ki montre yo plis radikal, mete yo nan sant deba sila e mande èske jounalis Nancy p ap viktim de pwòp chwa li ankò, paske si jodi a Ayiti akouche Claude Joseph, youn nan moun ki lakòz se Laurent Lamothe, Lamothe madam Roc te prezante bay sosyete a kòm moun onèt, sa gen kèk ane ?

Sérondier LOUISIA, Centre à la UNE.

By Sérondier Louisia

Sérondier LOUISIA se yon Ayisyen otantik, yon Inivèsitè ki fè Syans Edikasyon ak Lekòl Nòmal Siperyè, ki etidye Filozofi ak Lèt. Li se Anseyan, Sansè, Jounalis, Chèchè, Enfòmatisyen...