Mèt Ronald Pierre, alias Jessico, ki se avoka epi konseye ansyen Senatè Depatman Sant Ayiti a, Rony Celestin jwenn arestasyon li nan vil Ench pou enplikasyon prezime li nan vòlè machin. Lapolis di yo fè arestasyon sila a nan semèn nan.

Lapolis akize Mèt Ronald Pierre ki se propriyetè Jessico Brika brak (JBB) paske li ta nan yon rezo volè machin ki sou fwontyè Ayiti ak Repiblik Dominikèn.

Direktè polis an apre pou depatman sant lan, Frederic Jean Nazaire ki te nan mikwo konfrè nou Jorame Moncher fè konnen yo detèmine pou konbat kontreband ak vòlè machin sou Fwontyè a.

Pòt pawòl polis la pou depatman an Bruny Frantz esplike fwontyè Beladè a se yon veritab koulwa kontreband ak vòlè machin. Li kontinye pou di rezo saa volè machin yo, falsifye dokiman DGI, dwann, chanje plak yo epi al vann yo. Li fini pou li di PNH la ap travay pou trake tout malfra yo.

Hervé Junior Remissainte kise yon anplwaye Direksyon jeneral enpo (DGI) ak Yang Jeisson, se non 2 moun sa yo lapolis di l ap chèche kou chen fou nan kad dosye sila.

Daniel Jean, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....