Guerrier Kiki ak Joseph Irano se 2 sitwayen Ayisyen ki mouri asasinen ak bal dimanch 19 mas 2023 a nan Tilori komin Sèkalasous Depatman Sant Ayiti. Selon pwòch viktim yo, se sòlda Dominiken ki antre sou tèritwa Ayiti a epi fizye sitwayen yo ki se 2 inosan ki t ap pase ki pa t genyen anyen ak sòlda yo.

Selon sa Majistra komin Sèkalasous la, Castel Apolon, rapòte jounal Centre à la UNE, se yon sitwayen nan zòn nan anpil moun konnen sou non Ganel ki ta koz konfli sila. Majistra a fè konnen nan rankont li te genyen ak sòlda Dominiken yo, sòlda yo rapòte l se sitwayen Ayisyen Ganel ki t ap tante rantre sou tèritwa Dominiken an ak yon moto samdi vè 11 zè nan aswè.

Sòlda Dominiken yo te anpeche li rantre akoz li te twò ta, Ganel ki pa t kontan de desizyon an, te mobilize yon group moun nan popilasyon an pou pwoteste kont sa sòlda yo fè a, boule kawotchou sou wout entènasyonal la, e se konsa pou retabli kalm, Dominiken yo di yo te oblije tire e malerezman genyen 2 Ayisyen ki viktim.

Majistra Apolon Castel presize se jij Joseph Jean Anel ki te rive fè konsta yo vè 9 è nan aswè dimanch 19 mas 2023 a. Deja genyen kalm ki retounen nan Tilori aprè li te chita pale ak sòlda Dominiken yo ki dakò pou remèt fanmi viktim yo kò yo jodi lendi a epi dedomaje yo nòmalman.

Genyen youn nan fanmi viktim yo ki mande Dominiken yo de milyon (2 000 000) peso kòm dedomajman, e yon lòt 1 milyon senk san mil (1 500 000).

Tilori se yon pwen fwontyè ki pa ofisyèl ant Ayiti ak Dominikani Leta Ayisyen abandone, poutan, Dominiken yo bò kote pa yo pran tout dispozisyon pou yon kontwòl estrik sou li. Fot prezans Leta Ayisyen fè chak jou li jou dominiken ap foule dwa Ayisyen anba pye.

Sadrax Ulysse, Centre à la UNE

By Sadrax Ulysse

Sadrax ULYSSE diplomé en communication journalisme et en sciences du développement. Certifié par: Université laval Canada en développement durable et Université Shangor. Certifié en journalisme par: UNESCO, OIF, Ruters insititut....