Ant enfòmatisyen de fòmasyon ak etidyan nan 2zyèm ane jiridik, Bruny Frantz anplis de yon polisye de karyè se yon mòdel enspiran

Yon pèsonaj koulè wouj ase ouvè, enb, aparamman respektye Bruny Frantz ke tout moun konnen sou non kòmandan Tori pale nou de karyè l antanke pwofesyonèl espesyalman antanke polisye.

Fèt nan lane 74, nan vil mibalè ki twouve l nan depatman Sant Ayiti, Frantz entegre polis nasyonal Dayiti nan lane 95, dat li gradye kòm ajan 1, konsa enfòmatisyen an kòmanse yon karyè kòm polisye, malgre tout sa, sa enplike.

《Etidyan nan dwa a, deklare sèvi peyi m se te motivasyon m》konsa Frantz kòmanse ak avanti sila nan lanmou ak respè yon angajman konsa mande, e sesi a travè chak eksperyans rive jis jounen jodia.

《 premye eksperyans mwen kòm polisye fèt nan depatman sid presizeman nan zòn, tankou ; Pò-apiman, Chantal ak Okay, aprè se te nan depatman lwès, garaj lapolis nan Delma 2, epi tou nan fon Vèrèt sa ki karakterize dezyèm eksperyans mwen, pa laswit mtap vinn lakay mwen nan depatman Sant presizeman nan mayisad ak Sèka-kavajal 》eksperyans yo anpil pakou an long sepandan karantenè a, pa kache fyète l kòm polisye epi relate moman ki make l a travè angajman sa.  Responsab sekirite nan KEP ( konsèy elektoral pwovizwa ) pou PNH nan depatman Sant nan lane 2014, Frantz Bruny se yon pèsonaj ki andose chwa l kòm polisye avek devouman epi respè nan tout dimansyon mo an.

Aprè 28 lane karyè Frantz Bruny,  se aktyel Komisè polis nasyonal Ayiti nan komin Beladè depatman Sant Ayiti, sepandan pwofesyonel la fè konnen rèv la pi gwo ke sa,  e san demi mezi, kòmandan Tori pou entim yo, vèbalize fyète l ak satisfaksyon l《 lapolis se yon bel enstitisyon, nan kelkeswa peyi depi w rete nan kad lalwa, pandan wap egzèse metye a, ou ta sipoze fè yon bel karyè pwofesyonel, se pou sa map ankouraje tout jèn gason ak jèn fi entegre fòs polis la 》

Jefferson BONISSANT Centre à la Une

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon miltimedya sou entènèt ki te fonde 9 jiyè 2020. Li espesyalize nan bay nouvèl nan lang kreyòl, yon angajman ki reflete vizyon fondatè yo pou fè enfòmasyon pi aksesib pou kominote kreyòlofòn yo. Medya a genyen yon misyon pou enfòme, sansibilize, epi angaje moun sou sijè enpòtan nan sosyete a. Miltimedya sa a prezante atik, analiz, ak editoryal sou diferan domèn tankou dwa moun, politik, ak sosyete. Chak jou, editoryal li yo adrese pwoblèm enpòtan, souvan ak referans ak sitasyon otè ki enspire refleksyon pwofon sou kondisyon jèn Ayisyen yo ak sitiyasyon sosyo-politik Ayiti. Kòm yon medya angaje, li gen yon apwòch edikatif epi li chache ankouraje konsyans ak refleksyon nan mitan lektè li yo. Jounal sa a se tou yon espas pou kreyativite kote li prevwa pou ajoute caricatures k ap ilistre nouvèl oswa evennman k ap pase yo. Centre à la UNE se yon referans pou moun ki vle rete enfòme nan lang yo pi byen konprann. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841