Anprezans divès anplwaye Digisèl, aprè midi jedi 9 mas 2023 a, responsab fondasyon Digicel Latibonit, Nòdwès ak Lwès fè remiz prim finalis 6èm edisyon konkou Konbit pou chanjman bay koperativ agrikòl «barbe» ki lokalize l nan komin Sen Mak ki rive ganyan

Responsab depatmantal Fred Evens Sylvain nan entèvansyon l, deklare prim sa a ki evalye ak yon montan 10 000 dola ameriken ak yon trofe. Responsab fondasyon Digicel Latibonit Nòdwès ak Lwès la ki te pwofite enimere plizyè aktivite fondasyon Digicel reyalize sòti 2017 pou rive 2023, fè konnen fondasyon an reyalize 91 pwojè atravè tout peyi a, ki évalye a 77 Milyon goud.

Pi lwen, responsab Fondasyon an deklare lajan sa a pral ede koperativ agrikòl BAB nan komin Sen Mak nan zafè pwodiksyon lapen, atravè yon kantite Lekòl e gras ak plizyè santèn òganizasyon ki te patisipe ak yo nan tout peyi a nan kad konkou sila, ki pase 3 faz konkou a, te mande pou yon òganizasyon patisipe.

Sou bò pa l, Joseph Milfort Jean ki se jeran koperativ Agrikòl bab la nan komin Sen Mak, bò kote pa l, remèsye ak felisite fondasyon an li di ki te trete òganizasyon yo san patipri, deklare koperativ agrikòl BAB ki nan 4èm seksyon kominal komin Sen Mak, pral travay nan pwodiksyon lapen atravè 25 lekòl nan komin nan, pandan l mande ak responsab fondation Digicel yo pou kontinye ak seri aktivite sosyal sa yo, ki, selon li menm, kapab rive devlope kominote yo andedan peyi a.

Estimable Fritznel, reprezantan Asosyasyon peyizan plantè dibedou (APD) ki te prezan nan seremoni remiz prim konkou sila, felisite responsab yo li di ki pran yon bèl inisyativ pou pèmet devlopman fèt nan kominote yo, atravè divès pwojè. Li fè konnen se vre yo te rive nan final, malgre yo pa rive reyisi, sa pa dekouraje yo postile nan jan aktive sa yo. Li di yo dwe mete pito plis fòs yo genyen pou yo travay pou ranpòte viktwa a nan pwochen konkou ki gen pou fèt yo.

N ap fè konnen, aktivite sa yo rive fèt se gras ak lajan taks popilasyon Ayisyèn nan, nan achte minit pou apèl ak data yo.

Se Asosyasyon Peyizan Plantè Dibedou (APD) ki rive an premye pozisyon nan final ak yon pwojè Morenga epi koperativ Agrikòl bab (KAB) fini an dezyèm ak yon pwojè lapen ki rive ranpòte viktwa sou Asosyasyon APD akoz pwojè li a te konvenk responsab yo nan Pòtoprens, daprè sa responsab fondasyon an fè konnen.

Israël CEDIEU, Centre a la Une.

By Centre à la UNE

Centre à la UNE se yon ajans an liy ki bay nouvèl nan tout rakwen peyi Dayiti ak rès Mond lan. Nouvèl nou yo kredib e verifye ak yon rezo jèn jounalis profesyonèl e konpetan. Ou ka kontakte nou nan: journalcentrealaune@gmail.com e +549 351 262 7841